Al gade sa k anndan l

Poukisa avèk respè Temwen Jewova yo pa patisipe nan aktivite nasyonalis yo?

Poukisa avèk respè Temwen Jewova yo pa patisipe nan aktivite nasyonalis yo?

 Temwen Jewova yo respekte gouvènman yo ak senbòl ki reprezante peyi yo. Nou aksepte lefètke lòt moun fè sèman pou yo rete fidèl ak nasyon yo, yo salye drapo, oubyen yo chante im nasyonal peyi yo.

 Men, Temwen Jewova yo pa patisipe nan aktivite sa yo paske yo pa ann amoni ak kwayans nou yo e ak sa Bib la anseye. Nou respekte moun ki gen kwayans ki pa menm ak pa nou e nou renmen lè moun respekte kwayans nou menm jan an tou.

Nan atik sa a

 Ki sa Bib la di sou sa?

 Ansèyman ki nan Bib la gen efè sou chwa nou fè yo. Ann egzamine de nan ansèyman sa yo:

  •   Se sèl Bondye ki merite pou nou adore l. Bib la di: “Se Jewova, Bondye w la, ou dwe adore, e se li menm sèl ou dwe bay yon sèvis sakre.” ​(Lik 4:8). Nan im nasyonal yo ak nan sèman moun fè pou peyi yo, gen pawòl kote moun yo pwomèt y ap renmen peyi yo plis pase yo renmen tout lòt bagay. Se pou rezon sa, Temwen Jewova yo pa patisipe nan aktivite sa yo pou konsyans yo pa twouble yo.

     Mete sou sa, Temwen Jewova yo wè salye drapo kòm yon fòm adorasyon oubyen idolatri, yon konduit Bib la kondane (1 Korentyen 10:14). Gen istoryen ki konsidere drapo nasyonal yo menm jan ak senbòl relijyon yo. Men sa yon istoryen ki rele Carlton J. H. Hayes, ekri: “Drapo yon peyi se senbòl prensipal moun yo itilize pou montre yo kwè nan peyi yo e se li yo adore.” a Men sa yon ekriven ki rele Daniel P. Mannix, di anrapò ak kretyen premye syèk yo: “Kretyen yo pa t dakò [...] fè sakrifis pou espri ki pwoteje anperè [Women] an. Pozisyon sa a se prèske menm bagay ak lè yon moun pa dakò salye drapo jodi a.”  b

    Menm lè Temwen Jewova yo pa salye drapo, nou pa maltrete, boule, oswa fè okenn lòt bagay pou derespekte yon drapo oswa okenn lòt senbòl yon peyi.

  •   Tout moun egalego devan Bondye (Travay 10:34, 35). Bib la fè konnen Bondye te “sèvi ak yon sèl moun pou l fè moun tout nasyon”. (Travay 17:26.) Se pou rezon sa, Temwen Jewova yo pa kwè li t ap bon pou yo trete yon gwoup moun oswa yon nasyon kòmsi li pi bon pase lòt yo. Nou respekte tout moun, kèlkeswa kote yo soti oswa peyi y ap viv. — 1 Pyè 2:17.

 E si se lalwa ki mande pou nou patisipe?

 Temwen Jewova yo pa opoze ak okenn gouvènman. Nou kwè se akoz “dispozisyon Bondye” ki fè gouvènman yo egziste (Women 13:1-7). Mete sou sa, nou kwè kretyen yo dwe obeyi otorite yo. — Lik 20:25.

 Men, e si lwa otorite yo depaman ak lwa Bondye yo? Nan kèk ka li posib pou n ekri gouvènman an e pou n mande yo fè yon ti chanjman nan lwa yo c. Lè sa pa posib, avèk respè Temwen Jewova yo chwazi ‘obeyi Bondye antanke chèf olye pou yo obeyi lèzòm.’ — Travay 5:29.

 Èske se yon fason pou Temwen Jewova yo pran pozisyon nan mouvman sosyal ak mouvman politik yo?

 Non. Lè gen konfli nan domèn sosyal ak nan domèn politik, Temwen Jewova yo pa pran pou okenn gwoup. Lefètke nou pa fè sèman pou yon peyi, nou pa salye drapo e nou pa chante im nasyonal, sa pa vle di se pozisyon politik nou pran. Men pito, se paske n ap suiv prensip ki nan Bib la ki fè nou pa patisipe nan aktivite sa yo.

a Essays on Nationalism, paj 107-108.

b The Way of the Gladiator, paj 212.