Al gade sa k anndan l

Èske Temwen Jewova yo ap soutni mouvman juif ki rele Syonis la?

Èske Temwen Jewova yo ap soutni mouvman juif ki rele Syonis la?

 Non. Temwen Jewova yo se kretyen ki baze kwayans yo sou Bib la. Gen kèk relijyon ki di se yon pwofesi nan Bib la ki fè konnen Juif yo t ap gen pou yo viv nan Palestin, men Temwen Jewova yo pa wè bagay yo konsa. Yo pa kwè kesyon politik sa a se yon pwofesi nan Bib la k ap reyalize. Anfèt, Labib pa soutni okenn gouvènman lèzòm ni li pa konsidere gen yon pèp oswa yon nasyon ki siperyè yon lòt. Toudegad, peryodik ofisyèl Temwen Jewova yo, te di yon fason klè: “Pa gen okenn vèsè ki soutni mouvman politik ki rele Syonis la.”

 Gen yon ansiklopedi (Encyclopaedia Britannica) ki pale de Syonis la kòm “yon mouvman nasyonalis juif ki gen kòm objektif kreyasyon yon eta nasyonal juif nan Palestin e k ap soutni sa”. Rasin mouvman sa a soti ni nan relijyon ni nan politik. Temwen Jewova yo pa anseye Syonis kòm yon doktrin nan relijyon pa yo, e yo net, sa vle di yo pa ni pou ni kont mouvman politik ki rele Syonis la.

 Òganizasyon Temwen Jewova yo se yon òganizasyon relijye sèlman e li pa soutni okenn aranjman politik, san wete mouvman ki rele Syonis la. Gen anpil prèv ki montre Temwen Jewova yo net nan zafè politik, e nan kèk peyi, yo te pito sibi gwo pèsekisyon olye pou yo pa rete net. Nou gen konviksyon se sèl Wayòm Bondye a k ap pote lapè pou toutan sou tè a, pa gen okenn gouvènman lèzòm oswa mouvman politik ki ka fè sa.

 Yon prensip fondamantal nan kwayans Temwen Jewova yo sèke yo obeyi lwa gouvènman peyi kote yo ye, kèlkeswa kote y ap viv. Yo pa fè rebelyon kont otorite gouvènman yo ni yo pa patisipe nan lagè oswa lòt lit kote moun ap sèvi ak zam.