Al gade sa k anndan l

Kiyès ki fondatè relijyon Temwen Jewova a?

Kiyès ki fondatè relijyon Temwen Jewova a?

 Istwa òganizasyon Temwen Jewova yo nan epòk nou an te kòmanse nan fen 19yèm syèk la. Nan epòk sa a, gen yon ti gwoup etidyan Labib ki t ap viv toupre Pittsburgh, an Pennsylvania, Ozetazini, ki te kòmanse analize Bib la vèsè pa vèsè. Yo te konpare ansèyman legliz yo t ap bay ak sa Labib anseye toutbonvre. Yo te kòmanse pibliye sa yo te aprann yo nan liv, jounal ak revi ki rele kounye a Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova a.

 Nan gwoup etidyan Labib sensè sa yo, te gen yon mesye ki te rele Charles Taze Russell. Pandan Russell te pran latèt nan travay ansèyman biblik la nan epòk la, li te premye moun ki te pibliye Toudegad la, men li pa t fondatè yon nouvo relijyon. Objektif Russell ansanm ak lòt Etidyan Labib yo, jan yo te konn rele gwoup sa a nan epòk la, se te fè plis moun konnen ansèyman Jezi Kris yo epi suiv egzanp kongregasyon kretyen nan premye syèk la. Piske se Jezi ki fondatè Krisyanis lan, nou rekonèt li kòm fondatè òganizasyon nou an. — Kolosyen 1:18-20.