Al gade sa k anndan l

Èd pou moun k ap travay nan lopital ki santi yo strese

Èd pou moun k ap travay nan lopital ki santi yo strese

 Bryn, yon frè k ap viv nan Kawolin dinò, Ozetazini, se yon manm komite lyezon ospitalye ki nan zòn nan. Komite sa yo travay pwòch ansanm ak lopital yo pou ede pran swen malad ki Temwen Jewova yo.

 Akoz pandemi kowonaviris la, anpil lopital pa kite vizitè antre. Bryn te rele direktè lopital la ki responsab pou ede malad yo ak fanmi yo jwenn èd ak rekonfò nan domèn relijye. Li te vle konnen fason l te ka ede malad ki Temwen yo.

 Bryn te gen posiblite pale ak adjwen direktè a. Piske gen anpil restriksyon pou vizitè yo, Bryn te mande si yo te ka bay malad ki Temwen yo nimewo telefòn li pou l te ka pale avèk yo. Adjwen an te di l wi.

 Bryn te panse ak moun ki travay nan lopital la tou. Li te di adjwen an jan l apresye travay lopital la t ap fè a e l te swete staf la anfòm. Li te di adjwen an tou li te wè yon rapò ki fè konnen jan moun toupatou, sitou moun ki travay nan lopital yo, t ap fè fas ak anpil strès akoz pandemi an.

 Adjwen an te konfime jan kowonaviris la te fè lavi moun yo vin pi stresan nan lopital la.

 Epi, Bryn te di l: “Gen enfòmasyon sou sit Entènèt nou an ki ka ede moun fè fas ak strès. Si w ale sou jw.org e w tape mo ‘strès’ nan espas pou w fè rechèch la, w ap jwenn plizyè atik ankourajan pou staf la.”

 Pandan yo t ap pale, adjwen an te ale sou sit la e l te tape mo “strès” la nan espas pou l fè rechèch la e l te wè plizyè atik monte. Li te di: “Waw! M pral montre direktè a sit la. Atik sa yo ap bon pou staf la ak lòt moun tou. M pral enprime kèk kopi pou m distribye.”

 Kèk semèn annapre, Bryn te pale ak direktè a, li te konfime yo te vizite sit la e yo te enprime plizyè kopi atik ki pale sou strès ak lòt sijè menm jan an. Yo te pataje atik sa yo ak enfimyè yo ak lòt staf lopital la.

 Men sa Bryn di: “Direktè a te di m mèsi pou travay n ap fè a e pou atik nou yo ki byen ekri. Li di, yo te ede anpil.”