Al gade sa k anndan l

Di yo ou renmen yo

Di yo ou renmen yo

 Ong-Li se yon Temwen Jewova k ap viv nan peyi Bilgari. Li t ap fè etid ak yon jèn dam ki rele Zlatka, men mari Zlatka pa t enterese nan etid la. Men sa Ong-Li rakonte: “Pandan nou t ap pale sou lavi fanmi, m te mete aksan sou enpòtans pou nou di konjwen nou ak timoun yo nou renmen yo. Zlatka te gade m yon fason ki tris, epi li di m li pa janm di mari l ak pitit fi l ki gen nevan li renmen yo!”

 Men sa Zlatka fè konnen: “Mwen dispoze fè nenpòt bagay pou yo, men mwen pa ka di mo sa yo.” E li ajoute: “Manman m pa t janm di m li renmen m, e grann mwen pa t janm di manman m li renmen l.” Ong-Li te montre Zlatka ki jan Jezi te tande Jewova k ap di li renmen l (Matye 3:17). Li te ankouraje Zlatka pou l priye Jewova sou sa, e pou l fikse objektif pou l di mari l ak pitit fi l li renmen yo.

 Men sa Ong-Li di: “De jou apre, avèk kè kontan, Zlatka te vin di m li te priye Jewova pou l mande l èd. Lè mari l antre lakay, Zlatka fè l konnen li te aprann nan Bib la ki jan sa enpòtan pou yon madanm respekte epi renmen mari l. Tousuit apre, li di mari l li vrèman renmen l! Lè pitit fi l la rantre lakay, li pran l nan bra l epi li di l li renmen l! Zlatka te di m: ‘Kounye a mwen santi m soulaje. Pandan tout ane sa yo, m pa t ka demontre santiman m, men avèk èd Jewova, finalman mwen ka eksprime lanmou m pou fanmi m.’”

Ong-Li kontinye ofri vwazen l yo etid Labib.

 Men sa Ong-Li di ankò: “Yon semèn apre, m te rankontre mari Zlatka, e li te di m: ‘Anpil moun te di m Zlatka pa t dwe fè etid Labib avè w, men pa gen dout nan sa, etid Labib la vrèman bon pou fanmi an. Kounye a, gen plis lanmou nan fanmi an e gen plis kè kontan.’”