Al gade sa k anndan l

Nou te deside senplifye lavi n

Nou te deside senplifye lavi n

 Madián ak Marcela t ap mennen yon bèl vi nan vil Medellín ki nan peyi Kolonbi. Madián te gen yon travay ki byen peye, donk yo t ap viv nan yon bèl apatman. Men, gen yon bagay ki te pouse yo reflechi sou sa k pi enpòtan nan lavi yo antanke sèvitè Jewova Dye. Men sa yo di: “An 2006 nou te asiste yon jounen asanble espesyal ki gen tèm: ‘Se pou je nou toujou rete senp.’ Plizyè nan diskou yo te ankouraje n pou n senplifye lavi nou yon fason pou n sèvi Jewova plis. Lè n t ap kite asanble a, nou te rann nou kont nou pa t fè efò pou n senplifye lavi nou. Nou te toujou ap achte menm lè nou pa t gen lajan, donk, nou te gen anpil dèt.”

 Diskou Madián ak Marcela te tande nan asanble a te ede yo wè yo bezwen fè chanjman pou yo senplifye lavi yo, e se sa yo te fè. Men sa yo di: “Nou te sispann depanse anpil lajan, nou te lwe yon apatman ki pi piti, nou te vann machin nou e n te achte yon moto.” Epitou, yo te sispann al nan magazen pou yo pa gen anvi achte. Yo te kòmanse pase plis tan ap pale ak vwazen yo sou sa Bib la di. E yo te vin zanmi ak pyonye espesyal, ki se moun ki pase pifò tan yo ap aprann lòt moun konnen Jewova a.

 Apre yon ti tan, Madián ak Marcela te deside fè plis pou Jewova. Donk, yo te demenaje al rete an pwovens pou yo ede yon ti kongregasyon ki gen bezwen. Pou yo te rive fè sa, Madián te oblije kite travay li. Sipèvizè l la pa t konprann rezon ki fè li te vle kite yon bon travay konsa. Madián te mande l: “Ou fè anpil lajan, men, èske w kontan?” Sipèvizè a te admèt li pa t kontan paske l te gen anpil pwoblèm li pa t rive rezoud. Madián te di l: “Donk, se pa kantite kòb yon moun fè ki pi enpòtan nan lavi a. Sa k pi enpòtan an se chèche jwenn kè kontan. Lè mwen menm ak madanm mwen ede lòt moun konnen Bondye, sa fè nou kontan. Nou vle pase plis tan ap fè travay sa a, konsa n ap jwenn plis kè kontan toujou.”

 Madián ak Marcela jwenn vrè satisfaksyon ak vrè kè kontan an lefètke yo chwazi fè plis nan sèvis y ap bay Bondye a. Nan 13 ane ki sot pase yo, yo te sèvi kote ki gen bezwen nan plizyè kongregasyon nan nòdès peyi Kolonbi. E kounye a, yo gen privilèj sèvi kòm pyonye espesyal.

a Se biwo filyal Temwen Jewova yo ki voye pyonye espesyal yo nan yon zòn pou yo preche bon nouvèl la aplentan. Biwo filyal la ba yo yon ti kòb pou bezwen materyèl yo.