Al gade sa k anndan l

Yo te aji yon fason ki dou fas ak de prèt vyolan

Yo te aji yon fason ki dou fas ak de prèt vyolan

 Gen yon siveyan sikonskripsyon nan peyi Ameni ki rele Artur ki t ap vizite yon kongregasyon Temwen Jewova yo. Li te aprann kongregasyon an potko patisipe nan temwayaj piblik nou fè ak charyo ki gen piblikasyon ki baze sou Bib la. Pou frè Artur te ankouraje lòt moun patisipe nan fòm temwayaj sa a, li menm ak madanm li ki rele Anna avèk yon lòt Temwen ki rele Jiray te fè aranjman pou yo te met yon charyo nan yon ti vil kote anpil moun ap pase.

 Byen rapid, moun ki t ap pase yo te enterese e yo te pran piblikasyon nou yo. Men, opozan yo te wè charyo a tou. De prèt te pwoche bò kot charyo a e bridsoukou youn ladan yo te choute charyo a. Epi, li frape Artur nan figi l, li fè linèt li sot tonbe atè. Artur ansanm ak Anna epi Jiray te eseye kalme prèt yo, men sa pa t mache. Prèt yo te kraze charyo a ak pye yo epitou yo te gaye piblikasyon yo. Ansuit, yo joure Temwen yo epi yo menase yo, apre sa y ale.

 Artur ansanm ak Anna epi Jiray t al pot plent pou yo nan yon pòs polis. Lè yo rive, yo te esplike sa k te pase a epi annapre yo te fè yon ti pale tou kout sou Bib la ak polisye yo ansanm ak lòt moun k ap travay anndan pòs la. Apre sa, yo te mennen twa Temwen yo nan biwo komisè a. Men, sa l te vle an premye, se te jis konnen detay konsènan sa k te pase a. Lè l vin aprann Artur pa t remèt kalòt li te pran an, byenke Artur se yon gwo nèg, komisè a te sispann poze kesyon konsènan sa k te rive a, e li te kòmanse ap poze yo kesyon konsènan kwayans Temwen yo. Kòm rezilta, Temwen yo te pase kat èdtan ap pale sou Bib la ak komisè a! Polisye a te sezi akoz sa l te tande yo, konsa li di: “Sa se yon bon relijyon! Se nan yon relijyon konsa m ta renmen ye!”

Artur ak Anna

 Nan demen, lè Artur te retounen nan temwayaj an piblik ankò, gen yon mesye aje ki te wè sa k te rive yo a ki avanse bò kot charyo a. Mesye a te felisite Artur paske l te ret kalm e li pa t goumen ak prèt yo. Anplis de sa, li te di sa l te wè a te fè l pèdi tout respè li te genyen pou prèt yo.

 Nan menm jou sa a, nan aswè, komisè a te rele Artur pou l retounen nan pòs polis la. Olye l te diskite sou sa k te pase a, li te pito poze l kesyon konsènan Bib la. Te gen de lòt polisye ki te vin koute repons Artur t ap bay yo.

 Nan demen, Artur te pase vizite komisè a ankò, men fwa sa a, se te pou montre l videyo nou genyen yo ki baze sou Bib la. Komisè a te rele lòt polisye pou vin gade videyo yo avèk li tou.

 Akoz prèt yo te gen yon move konpòtman konsa, sa te fè plizyè polisye rive jwenn yon bon temwayaj pou premye fwa. Sa te fè yo vin byen wè Temwen Jewova yo.