Al gade sa k anndan l

Temwen Jewova yo nan peyi Itali ede vwazen yo

Temwen Jewova yo nan peyi Itali ede vwazen yo

Nan mwa novanm 2016 la, te gen yon gwo lapli ki te tonbe nan nò Itali, e plizyè vilaj ki nan sid zòn yo rele Moncalieri a te inonde ak dlo. Gen kote dlo a te depase demi mèt pwofondè. Gen yon jounal ki te di: “Dlo a pa t epaye ni moun ni okenn bagay.” San pèdi tan, otorite yo te deplase anviwon 1 500 moun, e grasa entèvansyon rapid ekip sekou a te fè pou sove moun yo, pa t gen moun mouri. Men, gen anpil fanmi ki te pèdi sa yo te posede.

Travay ann ekip pote soulajman

Temwen Jewova yo nan zòn nan te met men nan travay la pou bay èd yo. Yo te retire labou ak debri nan kay fanmi ki te touche yo e yo te ede yo sove kèk mèb yo te genyen ak rès byen yo. Gen yon ekip ki t ap pote manje ak ekipman ki te jwenn yon wout bloke men, otorite yo te kite yo pase pou yo ka ale ede yon fanmi ki te nan bezwen. Volontè yo te ede Temwen parèy yo ak vwazen yo ki fè pati lòt relijyon.

Pa egzanp, sousòl yon apatman te inonde nèt. Lè sèvis sekou yo te fin retire dlo a, yon ekip ki gen anpil Temwen ladan l te ede yon Temwen ki rele Antonio ak fanmi l retire fatra ki te nan sousòl la. Apresa, volontè yo te ede lòt moun ki nan apatman an. Yo te fòme yon chèn moun, e nan sèlman kèk èdtan yo te fin netwaye sousòl la. Tout moun nèt te apresye èd volontè yo. Yon dam ki rete nan apatman an, ki rele Viviana, te vini kote madanm Antonio avèk dlo nan je tèlman li te rekonesan, e li te di l: “Tanpri di frè ou yo mèsi pou nou, nou vrèman estrawòdinè!”

Gen yon vilaj ki te sakaje anpil akoz inondasyon an, moun ki abite nan zòn nan t ap gade ekip Temwen yo k ap ede moun ki frape yo. Sa yo te wè a te touche yo, kèk nan yo te ofri tèt yo volontèman pou yo ede sekouris yo e yo te kontan suiv enstriksyon chèf ekip la te bay.

Rekonesans pou yon “èd ki pa gen pri”

Gen yon mesye ki te gen kay li vrèman kraze, e garaj li a te plen ak labou. Li te sezi wè 8 Temwen k ap travay san pran souf pandan 4 èdtan pou yo retire fatra nan garaj li a. Pou l ka montre jan l rekonesan, li te bay kèk nan volontè yo akolad epi li te poste yon mesaj sou rezo sosyal pou l remèsye yo pou èd yo te ba li, yon “èd ki pa gen pri”.

Men sa yon Temwen te di: “Nou te ede anpil nan vwazen nou yo ki pa Temwen. Pifò nan yo te gen anviwon 80 an. Anpil nan yo te gen dlo nan je yo lè yo t ap di nou jan yo apresye sa nou te fè pou yo.” Youn nan vwazen nou yo ki vrèman aktif nan pawas katolik ki nan zòn nan te di Temwen yo nan ki pwen li te apresye èd yo te ba li a. E men sa li te ajoute: “Se te yon bèl bagay pou moun wè, aktout nou pa gen menm panse nan domèn relijyon, nou youn te bay lòt yon kout men.” Gen yon lòt mesye ki te di: “M regrèt moun yo konnen nou sèlman kòm moun ki konn vin frape pòt lakay moun chak dimanch maten, men yo pa konnen nou kòm moun ki konn ede pwochen yo.”