Al gade sa k anndan l

Peyi Estoni rekonèt se “yon kokennchenn travay”

Peyi Estoni rekonèt se “yon kokennchenn travay”

An 2014, Tradiksyon monn nouvo a te pami liv yo te seleksyone pou resevwa yon Pri kòm pi bèl travay ki te fèt nan lang estonyen pou ane a, nan peyi Estoni. Nan 18 liv yo te seleksyone yo, se tradiksyon sa a ki te an twazyèm pozisyon nan dènye vòt ki te fèt yo.

Se Kristiina Ross, yon lengwis nan Enstiti lang estonyen ki te chwazi nouvo tradiksyon Labib sa a, ki te parèt jou ki te 8 out 2014 la, pou konkou sa a. Li te fè konnen Tradiksyon monn nouvo a se yon tradiksyon Labib ki “fasil pou moun li e ki fè moun kontan li l”, epi li ajoute: “Travay ki te fèt pou reyalize tradiksyon sa a pote yon gwo amelyorasyon nan travay tradiksyon nan lang estonyen.” Rein Veidemann, yon pwofesè kilti ak literati estonyen, te di nouvo tradiksyon an se “yon kokennchen travay”.

Yo te pibliye premye tradiksyon Labib ann antye nan lang estonyen nan ane 1739, e depi lè a, yo pwodui lòt tradiksyon ankò. Sa k fè Tradiksyon monn nouvo a se “yon kokennchenn travay”?

Li egzak. Gen yon tradiksyon Labib ann Estonyen yo te pibliye nan ane 1988 ki te mete “Jehoova” (Jewova) pou non Bondye plis pase 6 800 fwa nan Liv ki te ekri ann Ebre yo (Ansyen testaman an). * Tradiksyon monn nouvo a, nan lang estonyen, fè sa tou e l ale pi lwen. Nan tout pasaj nan Liv ki te ekri an Grèk yo (Nouvo testaman) kote li klè se non Bondye ki te la, Tradiksyon monn nouvo a itilize non Bondye tou.

Li klè. Èske Tradiksyon monn nouvo a se yon tradiksyon ki egzak e ki fasil pou moun li? Men sa yon tradiktè Labib moun respekte anpil ki rele Toomas Paul te ekri nan yon jounal ki rele Eesti Kirik (Legliz Estoni) konsènan Tradiksyon monn nouvo a: “Li klè, tradiksyon sa a fèt nan lang moun Estoni ap pale kounye a.” Epi, li ajoute: “Mwen kapab asire nou se premye fwa nou atenn objektif sa a.”

Yo byen pwofite tradiksyon ann Estonyen an.

Se pa ti kontan Estonyen yo te kontan resevwa Tradiksyon monn nouvo a! Gen yon radyo nan peyi a ki te fè yon emisyon ki dire 40 minit sou nouvo bib la. Gen responsab legliz ak moun ki konn abitye al legliz ki te kontakte Temwen Jewova yo pou yo mande yo Bib. Gen yon gwo lekòl nan Tallinn ki te mande 20 Tradiksyon monn nouvo a pou l itilize nan youn nan klas li yo. Estonyen yo renmen liv, e Temwen Jewova yo kontan ba yo yon tradiksyon ki egzak e ki klè pou pi bon liv ki egziste a.

^ § 5 Apre Ain Riistan, yon pwofesè k ap anseye Nouvo testaman an nan inivèsite Tartu, fin esplike ki jan Estonyen yo fè vin ap itilize non Bondye “Jehoova”, men sa l te di: “Mwen panse mo Jehoova a byen chita jodi a. Malgre orijin li, li gen [...] yon siyifikasyon ki pwofon e ki enpòtan pou anpil jenerasyon. — Jehoova se non Bondye ki te voye Pitit Gason l lan vin delivre lèzòm nan.”