Al gade sa k anndan l

Yon jaden ki bay manje pou plizyè milyon moun!

Yon jaden ki bay manje pou plizyè milyon moun!

Sa gen karant an, nan dat 2 fevriye 1973, yo te enstale kèk nouvo près nan Wòlkil, nan Nouyòk, Ozetazini, pou yo te ka pwodui piblikasyon Toudegad ak Reveye n!

Dizan anvan sa, Temwen Jewova yo te achte yon teren nan zòn sa a pou yo ka fè jaden pou bay moun k ap travay nan syèj mondyal la nan Bwouklin, nan Nouyòk, manje. Men, kounye a, n ap sèvi ak espas sa a tou pou n pwodui yon lòt kalite manje, se manje espirityèl. — Matye 24:45-47.

Jaden Watchtower yo, Wòlkil, Nouyòk, nan kòmansman ane 1970 yo

Philip Wilcox, ki te siveyan enprimri an nan epòk sa a, sonje premye jou près yo t ap travay nan Wòlkil la: “Sa te pran nou anviwon yon mwa pou n monte près yo, yon seri près ki rapid anpil. Kounye a, yo pare, e nou kòmanse teste yo. Sa pa t pran tan pou n kòmanse gen plizyè milye peryodik. Nou voye yo nan enprimri nou gen Bwouklin nan pou yo ka voye yo bay kongregasyon ki te fè kòmann yo. Malgre se tès nou t ap fè, nou te deside nou pa t ap gaspiye menm youn nan peryodik nou enprime yo.”

Temwen Jewova yo te fè nouvo enprimri sa a pou yo ka soutni gwo travay enpresyon ki t ap fèt nan Bwouklin nan. Nan kòmansman ane 1970 yo, nou te konn resevwa plis demann piblikasyon ki baze sou Bib la pase sa près nou yo te ka enprime chak jou, se sa k fè enprimri ki Bwouklin nan te met yon ekip pou travay lannuit sou pye pou yo te ka reponn ak demann yo genyen yo.

Anlè: Y ap enstale premye près M.A.N. nan nan Wòlkil, janvye 1973. Anba: Y ap mete papye nan près M.A.N. nan

Nan premye bilding nan Wòlkil kote yo te konn enprime a te gen kat près ladan l, yon enstalasyon pou fè distribisyon piblikasyon yo ak yon Sal Wayòm. Sepandan, anvan enprimri sa a te ka rive pwodui tout sa l te gen pou l pwodui yo, yo te kòmanse konstwi yon dezyèm espas ki pi laj pase premye a e ki te tou kole avè l. Te tèlman gen demann pou piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la, sa te fè yo mete sis lòt près nan dezyèm espas sa a, depi anvan yo te fin konstwi l.

Avèk letan, machin yo itilize pou enprime yo vin pi sofistike e moun fè plis demann pou yo resevwa piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la. Pou n fè fas ak sitiyasyon sa yo, nou te oblije chanje ekipman yo epi agrandi enprimri Wòlkil la plizyè fwa. Nan ane 1980 yo, nou te ranplase ekipman près ki fè lèt ki te la lontan yo ak près ki rapid anpil yo.

Nan ane 2004, yo te fèmen enprimri Bwouklin nan, epi pou premye fwa, yo te kòmanse enprime liv nan Wòlkil. An 2010, yon lòt fwa ankò, yo te voye enprime peryodik yo nan direksyon nò, fwa sa a se te nan filyal Temwen Jewova ki Kanada. Nouvo près ki gen filyal sa a ka enprime 200 000 peryodik chak inèdtan.

Anlè: Y ap prepare seksyon piblikasyon yo pral met ansanm yo pou près Wòlkil la, 2005. Anba: Jaden Watchtower yo, Wòlkil, Nouyòk, 2013

Jodi a, gen anviwon 280 frè ak sè volontè k ap travay nan enprimri ki Wòlkil la, yon enprimri ki otomatik nèt e ki gen yon teknoloji wo nivo. Ane pase, yo te enprime Wòlkil plis pase 17 milyon liv ak Bib. Nan Amerik dinò, Temwen Jewova yo enprime piblikasyon nan Wòlkil, nan Kanada ak nan peyi Meksik, men anplis de sa, yo gen enprimri nan 12 lòt kote ki ann Afrik, nan Amerik disid ann Azi, ann Ewòp epi ann Ostrali. Konsa, yo chèche satisfè bezwen plizyè milyon moun genyen nan domèn espirityèl. — Matye 5:3.