Al gade sa k anndan l

19 000 biyè avyon kòm kado

19 000 biyè avyon kòm kado

Nan mwa jiyè 2013, Kolèj santral Temwen Jewova yo te voye yon bèl lèt bay misyonè yo ak lòt frè ak sè ki nan sèvis espesyal aplentan nan peyi etranje. Lèt la te pale sou yon dispozisyon ki t ap pèmèt sila yo k ap sèvi aletranje pou yo ale nan kongrè rejyonal ak kongrè entènasyonal ki t ap fèt an 2014 pou rive kòmansman ane 2015 lan.

Yo pa t fè sa sèlman nan objektif pou pèmèt frè ak sè k ap sèvi aletranje yo asiste yon kongrè, men yo te fè l tou pou pèmèt yo pase tan ak fanmi yo, ak zanmi yo. Lèt la te fè yo konnen òganizasyon an t ap peye tikè ale vini an pou yo.

Byenke òganizasyon an te konn fè sa deja, ane sa a yo t apral fè travay la yon fason ki diferan. Yo te mete anplas yon nouvo depatman ki se Depatman vwayaj syèj mondyal la ki t apral fè rezèvasyon vwayaj yo, e yo t apral fè travay sa a anba direksyon Komite pou ansèyman Kolèj santral la.

Yon ti tan apre yo te voye lèt envitasyon yo, Depatman vwayaj syèj mondyal la te kòmanse jwenn demann pou biyè avyon yo. Nan mwa janvye 2014, kantite demann yo te vin anpil. Ekip yo te asiyen pou chèche tikè pou sèvitè aplentan espesyal yo ki soti plizyè kote sou tè a te chèche tikè yo epi li te fè rezèvasyon yo.

Gen kèk vòl ki te difisil pou yo jwenn. Gen frè ki te sot Reykjavík, nan Islann ki te bezwen ale Cochabamba, nan peyi Bolivi. Genyen ki t ap sot Nouméa, nan Nouvèl Kaledoni, ki te bezwen ale Antananarivo, nan peyi Madagaska. Genyen ki te soti Port Moresby, nan Papwazi Nouvèl Gine, pou yo ale Seattle, ki Wachintonn, Ozetazini, e gen lòt menm ki te sot Ouagadougou, nan Boukina Faso, pou yo ale Winipèg, nan Kanada.

Depatman vwayaj syèj mondyal la ki gen senk moun ladan l te rezève anviwon 19 000 tikè. Yo te itilize kòb kongregasyon yo te bay espesyalman pou sa. Yo te achte tikè avyon pou anviwon 4 300 frè ak sè ki te nan 176 peyi epi yo te voye yo ba yo.

Frè ak sè ki nan sèvis espesyal aplentan yo te vrèman apresye dispozisyon sa a. Men ki sa yon koup misyonè te ekri: “Jodi a n ap retounen nan asiyasyon nou, nan sidès Azi. Nou vrèman apresye èd nou te ban nou pou n te ka tounen Angletè, peyi kote nou fèt la, pou n te ka avèk fanmi nou pou premye fwa apre senkan. Si nou pa t ede nou, nou pa t ap ka fè vwayaj la. Kidonk, nou di tout moun ki te rann sa posib yon gwo mèsi ak tout kè n.”

Men sa yon misyonè ki ap sèvi Paragwe te ekri: “Madanm mwen avè m vle remèsye n ak tout kè n pou opòtinite nou te ban nou pou n asiste kongrè entènasyonal ki t ap fèt Noujèze a, Ozetazini. Nan kòmansman ane 2011 la, nou te kòmanse planifye yon vwayaj pou n vizite syèj mondyal la Ozetazini. Nou te mete yon ti kòb sou kote pou sa. Men, nan mwa jen ane sa a, yo te envite n pou n vizite kongregasyon lang siy Paragwe yo. Sa t ap mande pou n deplase anpil. Apre anpil refleksyon, nou te deside pase sou vwayaj pou Etazini an pou n achte yon machin ki t ap pèmèt nou fè travay la pi byen nan nouvo asiyasyon an. Apre sa, nou te resevwa envitasyon pou n asiste kongrè entènasyonal la. Rèv nou te reyalize kanmenm! Nou rekonesan anpil anvè Jewova pou bonte ak lanmou li demontre n nan sans sa a.”

Men ki sa yon koup ki sot Malawi te ekri: “Nou te jis vle voye yon ti imel pou n di n yon gwo mèsi! Nou ka sèlman imajine kantite travay, kantite depans ak kantite tan sa te mande pou tout vwayaj sa yo fèt. Nou apresye travay di nou fè, e plis toujou, nou apresye fason òganizasyon Jewova a te ban n posiblite vwayaje ale lakay nou pou n asiste kongrè entènasyonal la epi pou n te pase tan ak fanmi nou ak zanmi nou.”

Moun k ap travay nan Depatman vwayaj syèj mondyal la renmen asiyasyon yo a tou. Men ki sa Mileivi di: “Se te yon bagay vrèman espesyal pou n ede misyonè yo tounen lakay yo pou yo wè fanmi yo ak zanmi yo.” Men ki sa Dorise te di li menm: “Sa te ede m wè kokennchenn lanmou òganizasyon an genyen pou frè ak sè yo k ap sèvi aletranje.” Men ki sa Rodney, siveyan depatman an, te di: “Se te yon reyèl plezi pou m te patisipe nan pwojè sa a.”

Temwen Jewova sou tout tè a te jwenn posiblite pou yo bay kòb pou frè ak sè yo ki ap travay di e ki fè anpil sakrifis te ka jwenn bèl kado sa a.