Al gade sa k anndan l

Kèk bagay nou ka aprann sou liv ki nan Bib la

Nan ti videyo sa yo, n ap jwenn bonjan enfòmasyon sou Bib la ak kèk bagay nou ka aprann nan liv ki nan Bib la. Sèvi ak videyo sa yo lè n ap li Bib la poukont nou ak lè n ap etidye l poukont nou.

Kèk bagay nou ka aprann sou Bib la

Gade ki jan chak liv soutni tèm jeneral Bib la, sa vle di fason Wayòm nan ki gen Kris Jezi alatèt li pral fè non Bondye vin sen.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Egzòd la

Bondye te delivre Izrayelit yo nan esklavaj nan peyi Ejip e li te fè yon vin tounen yon nasyon ki vwe lavi yo ba li.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Detewonòm nan

Gade fason Lwa Jewova te bay pèp Izrayèl la te montre gwo lanmou li te gen pou pèp li a.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Jozye a

Gade ki jan pèp Izrayèl la pran epi pataje Peyi Bondye te pwomèt la.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Jij la

Liv sa a ki pale de anpil gwo aksyon pote non sa a akoz kouraj yon seri mesye ki te gen lafwa, Bondye te itilize pou delivre pèp li a anba men moun ki t ap toupizi yo.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Rit la

Liv la pale de lanmou yon jèn vèv ki te gen espri sakrifis te montre pou bèlmèl l ki te vèv tou, ak fason Jewova te rekonpanse yo toude.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 1 Samyèl la

Gade ki sa k te pase nan istwa pèp Izrayèl la soti nan peryòd kote jij yo t ap dirije pou rive nan peryòd wa yo.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 2 Samyèl la

Gade ki jan imilite ak lafwa David fè l vin youn nan moun yo pi renmen e yo plis pale de li nan Bib la.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 1 Wa a

Gade istwa pèp Izrayèl la soti nan moman li te gen glwa ak pwosperite anba rèy wa Salomon an, pou rive nan moman latwoublay ki te genyen anba rèy de wayòm yo, wayòm Izrayèl la ak wayòm Jida a.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 2 Wa a

Gade ki jan apostazi te blayi nan wayòm nò peyi Izrayèl la, toutpandan Jewova te beni kèk grenn moun nan pèp la ki t ap sèvi l ak tout kè yo.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 1 Kwonik la

Liv sa a ap pèmèt nou suiv liy zansèt wa David ki te gen lakrentif pou Bondye ansanm ak istwa lavi l ki vrèman enteresan soti lè yo te mete l sou twòn nan rive nan lanmò l.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 2 Kwonik la

Gade ki jan istwa sa a konsènan wa Jida yo montre enpòtans fidelite anvè Bondye genyen.

Kèk bagay nou ka aprann nan liv Esdras la

Jewova kenbe pwomès li te fè pou l libere pèp li a ki te ann egzil nan Babilòn e pou l retabli vrè adorasyon an nan Jerizalèm.

Kèk bagay nou ka aprann nan liv Neyemi an

Liv Neyemi an ki nan Bib la anseye tout vrè adoratè yo jodi a anpil leson enpòtan.

Kèk bagay nou ka aprann nan liv Estè a

Evènman frapan ki te pase nan epòk Estè a ap fè nou vin gen plis lafwa nan kapasite Jewova genyen pou l delivre pèp li jodi a lè gen malè.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Jòb la

Tout moun ki renmen Jewova ap jwenn eprèv. Istwa Jòb la ban nou asirans nou ka rete fidèl e nou ka soutni dwa Jewova genyen pou l dirije a.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Sòm nan

Sòm yo soutni dwa Jewova genyen pou l dirije a. Yo ede moun ki renmen Jewova yo e yo ba yo rekonfò. Epi yo montre ki jan Jewova pral chanje monn nan pa mwayen Wayòm li an.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Pwovèb la

Chèche direksyon Bondye bay nan prèske chak aspè nan lavi nou chak jou, soti nan kesyon biznis rive nan kesyon fanmi.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Eklezyas la

Wa Salomon fè nou wè ki bagay ki vrèman gen plis enpòtans nan lavi a e li konpare yo ak yon seri bagay ki an kontradiksyon ak sajès ki soti nan Bondye a.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Chante Salomon an

Yo pale de lanmou san fay yon fi Choulamit te gen pou yon bèje kòm yon ‘flanm ki soti nan Ja’. Poukisa?

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Ezayi a

Liv Ezayi a se yon liv pwofesi ki egzak ki ka fè nou gen plis konfyans nan Jewova antanke Sila a ki reyalize pwomès li yo e antanke Bondye delivrans lan.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Jeremi an

Jeremi te reyisi fè sa l te dwe fè antanke pwofèt malgre eprèv li te jwenn. Reflechi sou sa egzanp li ka aprann kretyen yo jodi a.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Lamantasyon an

Se pwofèt Jeremi ki te ekri liv sa a. Li pale konsènan tristès destriksyon Jerizalèm nan pote e li montre tou Bondye ap fè moun ki repanti mizèrikòd.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Ezekyèl la

Avèk imilite ak kouraj Ezekyèl te bay mesaj Bondye a malgre sa te difisil anpil. Li kite yon bèl egzanp pou nou jodi a.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Dànyèl la

Dànyèl ak konpayon l yo te rete fidèl ak Jewova kèlkeswa sikonstans lan. Egzanp yo ak reyalizasyon pwofesi yo ka fè nou menm k ap viv nan tan lafen an jwenn byenfè depi kounye a.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Oze a

Pwofesi Oze a gen anpil leson enpòtan ladan l ki ka itil nou jodi a anrapò ak fason Jewova demontre mizèrikòd anvè moun ki t ap fè sa ki mal men ki repanti, ak konsènan fason Bondye vle pou moun adore l.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Jowèl la

Jowèl te pwofetize konsènan “jou Jewova a” ki toupre e li te montre ki sa pou yon moun fè pou l ret vivan. Se pa ti ijan pwofesi l la ijan jodi a!

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Amòs la

Amòs te gen imilite, e Jewova te itilize l pou l fè yon travay enpòtan. Ki leson ki vrèman enpòtan nou ka aprann nan egzanp Amòs?

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Obadya a

Se pwofesi ki pi kout nan Liv ki te ekri ann ebre yo. Pwofesi sa a bay espwa e li pwomèt Jewova pral jistifye dwa li genyen pou l dirije a.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Jonas la

Pwofèt Jonas te aksepte disiplin, ranpli asiyasyon l, epi aprann yon gwo leson sou lanmou fidèl Bondye ak mizèrikòd li. Eksperyans li te viv ap touche kè w.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Miche a

Pwofesi sa a Bondye te fè pwofèt la ekri a ap fè n plis kwè toujou se sèlman sa ki rezonab e ki bon pou nou Jewova mande nou.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Nawoum nan

Pwofesi sa a fè nou gen konfyans Jewova toujou fè sa l di epi li rekonfòte tout moun k ap chèche lapè ak delivrans pa mwayen Wayòm li an.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Abakouk la

Nou mèt gen konfyans Jewova toujou konn pi bon moman ak pi bon fason pou l sove pèp li a.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Sofoni an

Poukisa nou dwe fè atansyon pou n pa panse jou jijman Jewova a pap vini?

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Aje a

Pwofesi a montre enpòtans sa genyen pou n mete adorasyon n ap bay Bondye a anvan enterè pa nou.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Zakari a

Nan tan lontan, gen anpil vizyon ak pwofesi Bondye te fè moun ekri ki te ankouraje pèp li a. Menm pwofesi sa yo kontinye ban nou asirans Bondye ap ede nou jodi a.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Malachi a

Se yon pwofesi ki montre jan prensip Jewova yo, mizèrikòd li ak lanmou l pa janm chanje. Epitou, li bay yon seri leson enpòtan ki ka ede n ak sitiyasyon n ap fè fas jodi a.

Kèk bagay nou ka aprann nan liv Matye a

Pran plezi pandan w ap aprann kèk enfòmasyon enpòtan konsènan liv sa a ki se premye liv nan kat Evanjil yo nan Bib la.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Mak la

Liv Mak la se Evanjil ki pi kout la, se yon istwa ki ban nou yon apèsi sou fason Jezi pral dirije nou antanke Wa nan Wayòm Bondye a.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Lik la

Ki enfòmasyon konsa se sèl Evanjil Lik la ki genyen yo?

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Jan an

Evanjil Jan an montre jan Jezi renmen lèzòm, jan li bay bèl egzanp anrapò ak imilite epi li montre tou se li menm ki Mesi a, ki pral Wa nan Wayòm Bondye a.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Travay apot yo

Premye kretyen yo te travay di pou yo te fè disip pami moun tout nasyon. Liv Travay apot yo kapab fè nou vin pi zele pou fè travay predikasyon an.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Women an

Nan liv sa a Bondye te enspire, Pòl montre n jan Jewova pa gen patipri ak jan sa enpòtan pou demontre lafwa nan Jezi Kris.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 1 Korentyen an

Nan lèt sa a Pòl te ekri a, gen konsèy sou tèt ansanm oswa inite, pwòpte moral, lanmou ak lafwa nan rezirèksyon.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 2 Korentyen an

Jewova, “Bondye tout konsolasyon an”, bay sèvitè l yo fòs e li soutni yo.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Galat la

Lèt Pòl te ekri voye bay kretyen Galat toujou aplikab pou nou jodi a menm jan sa te ye lè l te ekri l la. Li ka ede tout vrè kretyen rete fidèl.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Efezyen an

Lèt sa a Bondye te enspire Pòl pou l ekri mete aksan sou objektif Bondye genyen pou l mete lapè ak tètansanm pa mwayen Jezi Kris.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Filipyen an

Lè n kenbe fèm devan eprèv yo, nou ankouraje lòt moun kenbe fèm tou.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Kolosyen an

Nou ka fè Jewova plezi lè n aplike sa n aprann, lè n padone lòt moun ak tout kè n e lè n rekonèt pozisyon ak otorite Jezi.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 1 Tesalonisyen an

Nou dwe rete je klè nan domèn espirityèl, “verifye tout bagay”, “priye toutan” epi ankouraje youn lòt.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 2 Tesalonisyen an

Pòl korije move panse moun yo te genyen sou lè jou Jewova ap vini an, epi li ankouraje frè yo pou yo kenbe lafwa yo fèm.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 1 Timote a

Pòl te ekri liv 1 Timote a pou l pale de jan bagay yo dwe fèt nan kongregasyon an e pou l bay avètisman kont fo ansèyman ak lanmou pou lajan.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 2 Timote a

Pòl ankouraje Timote pou l akonpli sèvis li nèt.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Tit la

Pòl te pale sou pwoblèm ki te gen nan kongregasyon ki te nan Krèt yo e li te bay kondisyon espirityèI frè yo te dwe ranpli pou yo sèvi kòm ansyen.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Filemon an

Lèt sa a ki tou kout, men ki gen anpil fòs, gen kèk leson pratik anrapò ak imilite, bonte ak padon.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Ebre a

Adorasyon kretyen yo ap bay Bondye a baze sou anpil bagay enpòtan ki pa vizib tankou tanp ak sakrifis bèt.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Jak la

Jak itilize yon seri imaj ki vivan pou l anseye prensip kretyen yo genyen ki gen anpil valè.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 1 Pyè a

Nan premye lèt Pyè te ekri a, li ankouraje n pou n rete aktif e pou nou lage tout tètchaje nou genyen sou Bondye.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 2 Pyè a

Nan dezyèm lèt Pyè te ekri a, li ankouraje n rete fidèl pandan n ap tann syèl tounèf la ak tè tounèf la.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 1 Jan an

Nan premye lèt Jan ekri a, li ban nou avètisman kont antikris epi li ede nou wè ki sa nou dwe renmen ak ki sa nou pa dwe renmen.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 2 Jan an

Liv 2 Jan an fè n sonje pou n mache nan laverite e pou n veye kò nou ak moun k ap twonpe lòt moun.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 3 Jan an

Nan liv 3 Jan, Jan aprann nou yon bèl leson sou fason kretyen yo dwe demontre yo renmen akeyi moun.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Jid la

Jid ede n idantifye fason moun k ap chèche twonpe moun nan kongregasyon an e k ap chèche gate yo t ap aji.

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Revelasyon an

Vizyon vivan nou jwenn nan liv Revelasyon an montre nou fason Wayòm Bondye a pral fè objektif Bondye gen pou lèzòm ak tè a reyalize.