Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Nonb 6:24-26 — “Se pou Seyè a beni nou, se pou l’ pran swen nou”

Nonb 6:24-26 — “Se pou Seyè a beni nou, se pou l’ pran swen nou”

 “Se pou Jewova beni nou e se pou l pwoteje nou! Se pou Jewova fè limyè ki sot nan figi l klere nou e se pou l fè nou favè! Se pou Jewova voye je gade nou e se pou l ban nou lapè.”— Nonb 6:24-26, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Se pou Seyè a beni nou, se pou l’ pran swen nou. Se pou Seyè a fè nou santi li la avèk nou, se pou l’ gen pitye pou nou. Se pou Seyè a fè nou wè jan li renmen nou, se pou l’ ban nou kè poze.” — Nonb 6:24-26, Bib la.

Sa Nonb 6:24-26 vle di

 Yo rele pawòl sa yo benediksyon prèt la oswa benediksyon Arawon bay paske se Arawon ki te premye gran prèt ann Izrayèl (Egzòd 28:1). Se nan Bondye benediksyon sa a soti (Nonb 6:22, 23). Men sa Bondye te di Moyiz: “Di Arawon ak pitit gason l yo: ‘Men ki jan nou dwe beni pèp Izrayèl la’”. Apre sa, Bondye te di pawòl nou jwenn nan Nonb 6:24-26. Prèt ki te fidèl yo te obeyi kòmandman sa a Bondye te bay la. Epitou, yo te onore non Bondye, Jewova. a Men sa nou li nan vèsè 27 la: “Epi, yo [prèt yo] dwe sèvi ak non m lè y ap beni pèp Izrayèl la pou m ka beni pèp la.”

 “Se pou Jewova beni nou e se pou l pwoteje nou!” Benediksyon Jewova bay moun k ap adore l yo se pwoteksyon li ba yo e li fè yo gen kè kontan nan lavi yo (Pwovèb 10:22). Nan Nonb 6:24-26, se ak mo sengilye yo mete “ou” pou tradui l la yo sèvi. Sa ka montre jan Bondye vle beni nonsèlman nasyon an antanke gwoup men tou chak izrayelit pèsonèlman.

 “Se pou Jewova fè limyè ki sot nan figi l klere nou e se pou l fè nou favè!” Lè yon moun te mande Bondye pou l fè “limyè ki sot nan figi l klere” l, se te yon fason pou l mande pou Bondye fè l favè e pou l aksepte l. b Yo kapab tradui fraz sa a konsa tou: “Se pou Seyè a souri ba ou.” (Nonb 6:25, New International Reader’s Version). Jewova fè pèp li a favè lè l demontre bonte, konpasyon ak mizèrikòd pou yo. — Ezayi 30:18.

 “Se pou Jewova c voye je gade nou e se pou l ban nou lapè!” Jewova “voye je gade” sèvitè l yo lè l ba yo atansyon l e lè l ba yo lapè. Selon yon liv referans, “mo ebre (chalòm) yo mete lapè pou li a pa sèlman ap pale de lè pa gen pwoblèm, men tou l ap pale de lè tout bagay byen ni nan domèn fizik ni nan domèn espirityèl.”

 Pou Izrayelit yo te jwenn benediksyon vèsè sa yo ap pale a, yo te dwe obeyi Jewova (Levitik 26:3-6, 9). E lè yo te fè sa, Bondye te kenbe pwomès li e l te ede yo vre. Se sa ki te rive nan epòk kèk wa tankou Salomon ak Ezekyas. — 1 Wa 4:20, 25; 2 Kwonik 31:9, 10.

 Byenke kretyen yo pa oblije resite vèsè sa a, yo kapab toujou eksprime menm santiman sa yo lè y ap priye pou lòt moun oswa lè y ap ankouraje kwayan parèy yo (1 Tesalonisyen 5:11, 25). Jewova pa chanje. Li toujou vle beni adoratè fidèl li yo e l vle pwoteje yo. Se sa k fè, vrè kretyen yo kapab anpè, paske yo konnen Jewova ap “voye je gade” yo.

Kontèks Nonb 6:24-26

 Dis premye chapit nan liv Nonb lan pale de enstriksyon Bondye te bay Izrayelit yo lè yo te toupre Mòn Sinayi pandan yo te sou wout pou yo antre nan Peyi Bondye te pwomèt yo a. Pandan yo te nan zòn sa a, kote yo te pase anviwon ennan, Jewova te òganize pèp la pou fè l tounen yon nasyon e l te ba yo yon pakèt lwa yo te vin rele alyans Lalwa a.

 Jewova te fè Moyiz konnen ki fason pou Arawon ak pitit gason l yo, ki te prèt pou nasyon an, beni Izrayelit yo (Nonb 6:22, 23). Annapre, Arawon ak desandan l yo te sèvi ak pawòl nou jwenn nan Nonb 6:24-26 pou yo beni nasyon an. Rive yon lè, sa te vin tounen yon tradisyon pou prèt yo resite pawòl sa yo lè yo fin fè dènye sakrifis yo fè chak jou nan tanp lan.

 Gade ti videyo tou kout sa a pou w jwenn yon apèsi sou liv Nonb lan.

a An kreyòl, pi souvan, yo mete Jewova pou tradui non Bondye ki parèt nan lang ebre a. Pou w aprann rezon ki fè anpil tradiksyon Labib itilize tit Seyè a olye yo itilize non Bondye, gade atik “Kiyès Jewova ye?

b Sepandan, nan Bib la Jewova fè konnen li te kache figi l pou Izrayelit yo lè l pa t dakò ak aksyon yo t ap fè. — Ezayi 59:2; Miche 3:4.

c Selon vèsyon Labib ki rele NIV Study Bible la, lefètke yo repete non Bondye nan vèsè sa yo se yon fason pou yo bay ekspresyon ki nan vèsè [27 la] plis fòs.” Gen kèk moun ki fè konnen lefètke yo site non Bondye twa fwa nan vèsè a sa montre Bondye se yon Dye an twa pèsòn. Men se pa sa. Yon kòmantè yo fè sou Bib la ki soutni ide trinite a fè konnen lefètke yo te sèvi ak non Bondye twa fwa, “se pa sa ki t ap fè prèt ki t ap bay benediksyon an oswa moun ki t ap resevwa benediksyon an panse ak yon ide konsa. Pou yo menm, di non Bondye twa fwa te jis pi bèl e l te bay benediksyon an plis fòs pase jis annik di l yon fwa”. (The Pulpit Commentary, Volim 2, paj 52.) Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade atik “Èske Bondye fè pati yon trinite?