Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Kolosyen 3:23 — “Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l’ ak tout kè nou”

Kolosyen 3:23 — “Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l’ ak tout kè nou”

 “Kèlkeswa sa n ap fè, fè l ak tout nanm nou, tankou se pou Jewova, e non pa pou lèzòm.” — Kolosyen 3:23, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l’ ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t’ap travay, men pou Seyè a.” — Kolosyen 3:23, Bib La.

Sa Kolosyen 3:23 vle di

 Yon kretyen dwe fè efò pou l travay di paske fason l konsidere travay gen rapò ak adorasyon l ap bay Jewova.

 “Kèlkeswa sa n ap fè.” Moun ki vle adore Jewova yo fè efò pou yo suiv sa Bib la di nan tout sa y ap fè. Yo fè efò pou yo travay di, pou yo onèt, pou moun fè yo konfyans nan tout sa y ap fè chak jou kit se lakay yo, nan travay yo oswa nan lekòl yo. — Pwovèb 11:13; Women 12:11; Ebre 13:18.

 “Fè l ak tout kè nou.” Ekspresyon “ak tout kè nou” an soti nan yon ekspresyon grèk “ki vle di yon moun ki pran yon angajman fèm pou l fè volonte Bondye ak tout fòs li.” a

 Donk, yon moun konsa itilize tout kapasite fizik ak kapasite mantal li pou l fè tout sa l kapab lè l ap fè yon travay. Gen lòt tradiksyon ki mete “ak tout kè w” (New Catholic Bible) oswa “chofe” (Labib Wa Jak) pou ekspresyon sa a. — Gade “ Kolosyen 3:23 nan lòt tradiksyon Labib.”

 “Pou Jewova, e non pa pou lèzòm.” Nenpòt travay kretyen yo ap fè, yo pran sa oserye paske yo konnen fason yo konsidere travay la ap gen efè sou relasyon yo ak Jewova. Sa k pi enpòtan pou yo se fè Bondye plezi, se pa patwon yo oubyen yon lòt moun. Lè yon kretyen travay di, epi l gen yon pwennvi pozitif sou travay, sa fè lòt moun pale an byen nonsèlman de kretyen an, men tou yo pale an byen de Bondye l ap adore a. Pou rezon sa a, yon kretyen fè tout sa l kapab “dekwa pou moun pa janm denigre non Bondye ansanm ak ansèyman l lan.” — 1 Timote 6:1; Kolosyen 3:22.

Kontèks Kolosyen 3:23

 Se apot Pòl ki te ekri liv Kolosyen an pou kretyen ki te nan vil Kolòs tan lontan an. b Sanble se ozanviwon ane 60-61 li te ekri l, nan fen epòk kote l te nan prizon pou premye fwa nan vil Wòm.

 Liv Kolosyen gen konsèy k ap ede kretyen yo adore Jewova nan tètansanm, kèlkeswa kilti yo, kèlkeswa kote yo soti, kèlkeswa sitiyasyon yo (Kolosyen 3:11). Li ankouraje yo pou yo imite kalite Bondye yo, tankou lanmou, bonte ak mizèrikòd (Kolosyen 3:12-14). Li esplike tou ki jan adorasyon n ap bay Bondye a dwe gen efè sou tout aspè nan lavi nou. — Kolosyen 3:18–4:1.

 Kolosyen 3:23 nan lòt tradiksyon Labib

 “Kèlkeswa sa n ap fè, fè l ak tout nanm nou, kòmsi se pou Seyè a, men se pa pou lèzòm.” — New Catholic Bible.

 “Epi nenpòt sa w ap fè, fè l ak tout kè w, tankou se pou Seyè a, men se pa pou lèzòm.” — Labib Wa Jak.

 “Nenpòt sa w ap fè [kèlkeswa travay la], travay ak nanm ou [sa vle di fè tout sa w kapab], kòmsi se [yon bagay w ap fè] pou Seyè a, se pa pou lèzòm.” — The Amplified Study Bible, se yo menm ki mete kwochè yo.

 “Kèlkeswa travay w ap fè a, mete tout kè w ak tout nanm ou ladan l, kòmsi se te yon travay w ap fè pou Seyè a, se pa jis pou lèzòm.” — The New Testament in Modern English, tradiksyon J. B. Phillips.

 Gade videyo sa a ki tou kout pou w wè yon rezime sou liv Kolosyen an.

a Dapre yon diksyonè biblik (Exegetical Dictionary of the New Testament, 1993, volim 3, paj 502).

b Se nan zòn kote peyi Tiki ye kounye a.