Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Jozye 1:9 — “Mete kouraj sou ou [...] mete kran sou ou”

Jozye 1:9 — “Mete kouraj sou ou [...] mete kran sou ou”

 “Èske m pa t ba w lòd pou w mete kouraj sou ou e pou w mete kran sou ou? Pinga w pè e pinga w kraponnen, paske mwen menm, Jewova, Bondye w la, mwen avè w kèlkeswa kote w ale.” — Jozye 1:9, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.” — Jozye 1:9, Bib la.

Sa Jozye 1:9 vle di

 Jewova a Dye te di Jozye, sèvitè l la, pawòl sa yo pou l ba l asirans li t ap kapab “mete kouraj sou [li]” menm lè li te fè fas ak sitiyasyon difisil oswa ak obstak ki te parèt twòp pou li. Depi Jozye te obeyi kòmandman Bondye bay yo, li pa t gen okenn rezon pou l pè sa k te ka rive alavni, paske se t ap kòmsi Jewova te bò kote l pou ede l reyisi. Lefètke Bondye te bay Jozye enstriksyon e l te pèmèt li pot laviktwa sou ènmi l yo, sa montre Bondye te avèk Jozye.

 Ki jan Jozye te kapab ‘mete kouraj sou li e mete kran sou li’? Li te ka fè sa grasa fòs ak ankourajman li te jwenn nan ekriti Bondye te enspire yo ki te disponib nan moman an. Sa ki gen ladan l “tout Lwa Moyiz, sèvitè [Jewova a], te [bay Jozye]” b. (Jozye 1:7.) Jewova te di Jozye li “dwe li l tou ba [New International Version nan di “medite sou li”] lajounen kou lannuit”. (Jozye 1:8.) Lefètke Jozye te fè yon lekti konsa e l te medite sou sa l te li yo, sa te ede l gen plis detèminasyon pou l fè volonte Bondye. Epitou, Jozye te dwe aji selon Pawòl Bondye a lè l te “byen suiv tout sa ki ekri ladan l.” Si l te fè sa, li t ap aji avèk sajès e li t ap reyisi. E se sa menm ki te rive. Menm lè li te fè fas ak sitiyasyon difisil, Jozye te viv lontan e l te satisfè ak lavi l antanke yon sèvitè fidèl Jewova. — Jozye 23:14; 24:15.

 Pawòl sa yo Jewova te di Jozye a, ankouraje n tou jodi a. Yo montre n jan Jewova gen sousi pou tout sèvitè l yo, sitou lè y ap fè fas ak sitiyasyon difisil. Jewova vle pou yo reyisi menm jan Jozye te reyisi! Menm jan ak Jozye, sèvitè l yo kapab ‘mete kouraj sou yo e mete kran sou yo’ lè yo li Pawòl Bondye a, Labib, yo medite sou li epi yo aji ann amoni ak sa l di pou yo fè a.

Kontèks Jozye 1:9

 Apre lanmò Moyiz, Jewova te di Jozye se li ki pou dirije nasyon Izrayèl la (Jozye 1:1, 2). Lè sa a, Izrayelit yo t ap prepare pou yo antre Kanaran ki se peyi Bondye te pwomèt la. Men, yo te oblije goumen avèk ènmi ki gen anpil fòs. Pa egzanp, Jozye te oblije goumen avèk moun Kanaran yo ki te mechan anpil c (Detewonòm 9:5; 20:17, 18). Epitou, moun Kanaran yo te plis pase Izrayelit yo e yo te gen plis ekipman pou fè lagè (Jozye 9:1, 2; 17:18). Men, avèk kouraj, Jozye te suiv enstriksyon Jewova te bay yo. Bondye te montre l avèk li paske Izrayelit yo te rive konbat prèske tout ènmi yo nan sèlman sis ane. — Jozye 21:43, 44.

a Jewova se fason yo tradui non Bondye an kreyòl, ann ebre non sa a sou fòm kat lèt יהוה (YHWH) yo rele Tetragram nan. Nan tradiksyon Bib la, pou vèsè sa a, yo mete “Seyè” nan plas non Bondye. Pou plis enfòmasyon sou non Bondye ak rezon ki fè kèk tradiksyon Labib pa itilize non sa a, gade atik “Kiyès Jewova ye?” ki sou sit sa a.

b Men ki ekriti Bondye te enspire ki petèt te disponib pou Jozye e ki disponib pou nou tout jodi a: Senk liv Moyiz yo (Jenèz, Egzòd, Levitik, Nonb ak Detewonòm), liv Jòb la ak youn oswa de sòm.

c Pou plis enfòmasyon sou rezon ki fè lagè sa yo te nesesè, gade atik “Pourquoi Dieu a-t-il ordonné l’extermination des Cananéens?” ki nan Toudegad 1ye janvye 2010 (fransè).