Al gade sa k anndan l

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Sona dofen yo genyen an

Sona dofen yo genyen an

 Dofen yo fè divès kalite bri e yo soufle diferan fason, apre sa, yo tande son yo fè yo, sa ki pèmèt yo naje pou yo konn anviwònman yo ladan l lan. Syantifik yo kopye sou sona dofen yo rele gran dofen an (Tursiops truncatus) pou yo fè sistèm pou detekte son anba dlo, konsa, yo rive rezoud kèk pwoblèm teknoloji ki gen kounye a pa t ka rezoud.

 Fè yon ti reflechi: Sona dofen yo pèmèt yo jwenn pwason ki kache nan sab ki sou rivaj lanmè yo e li pèmèt yo fè diferans ant yon pwason ak yon wòch. Selon Keith Brown, yon pwofesè asistan nan Inivèsite Heriot-Watt, nan Edinboug, nan peyi Ekòs, dofen yo kapab tou “fè diferans ant [...] dlo dous, dlo sale, siwo oswa dlo nan yon distans dis mèt”. Syantifik yo ta renmen envante aparèy ki gen kèk nan kapasite sa yo.

Depi nan yon distans dis mèt, dofen yo kapab fè diferans ant sa ki gen nan yon seri dwoum.

 Gen moun k ap fè rechèch ki egzamine bri dofen yo fè e ki egzamine zòrèy yo, epi yo chèche kopye sou yo. Konsa, yo rive fè yon aparèy elektwonik ki gen yon sona ki fèt ak yon sistèm son sofistike ki nan yon silenn ki mezire mwens pase yon mèt longè. Yo fè aparèy sa a, ki atache ak yon machin wobo anba dlo ki sanble ak yon toupi, pou enspekte rivaj yo, pou yo ka jwenn bagay ki anba tè a, tankou fil kab oswa tiyo, epi egzamine yo san l pa an kontak dirèk ak yo. Moun ki fè sistèm sa yo gentan wè y ap gen pou yo itilize yo nan endistri petwòl ak gaz. Sona yo fè lè yo kopye sou dofen yo ta dwe pèmèt yo jwenn plis enfòmasyon pase sa yo ka jwenn grasa sona yo gen kounye a. Konsa, y ap ede teknisyen yo mete ekipman yo itilize anba dlo yo pi bon kote a, y ap ede yo detekte tout domaj li ka vin genyen, tankou fann ki ka genyen nan bagay ki kenbe sa k gen petwòl yo, e menm espas ki bouche nan tiyo yo.

 Ki sa w panse? Èske sona gran dofen an vin egziste grasa evolisyon? Oswa se fè yo te fè l?