Al gade sa k anndan l

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Likid glise pwason yo rele miksin nan bay la

Likid glise pwason yo rele miksin nan bay la

 Sa gen lontan depi syantifik yo enterese nan likid glise pwason yo rele miksin nan bay la. Poukisa yo enterese nan li konsa? Se paske yo di likid glise sa a se “bagay ki pi soup ki fèt ak pwodui natirèl ki egziste.”

 Fè yon ti reflechi: Miksin nan se yon pwason ki sanble ak kong e li viv byen fon nan lanmè. Lè lòt pwason eseye manje miksin nan, li bay yon likid glise. Likid sa a se yon melanj plizyè milye pwoteyin. Lè tout diferan pwoteyin sa yo melanje ak dlo, li fòme yon likid glise ki epè toutotou miksin nan. Likid glise sa a bloke gòjèt lòt bèt k ap eseye manje l la ki fè l vin pa ka respire, konsa lòt bèt la kouri kite l.

 Likid glise miksin nan bay la enteresan anpil. Chak branch pwoteyin li gen ladan l piti anpil, anfèt yo san fwa pi piti pase yon branch cheve ki sou tèt yon moun e chak branch pwoteyin sa yo gen dis fwa plis fòs pase naylonn. Lè likid sa a melanje ak dlo lanmè, likid la ak pwoteyin ki ladan l yo vin tankou yon gwo nas. Li gen kapasite pou l kenbe yon kantite dlo ki 26 000 fwa pi lou pase l. Anfèt, likid glise sa a se prèske san pousan dlo li ye!

 Syantifik yo pa rive fè yon jèl ki tankou likid glise miksin nan bay la. Men sa yon moun k ap fè rechèch di: “Fason l rive fè jèl li a, yon fason ki natirèl, konplike anpil.” Men, syantifik yo ta renmen sèvi ak bakteri pou yo fè branch pwoteyin menm jan an nan objektif pou yo fè yon pwodui ki pa lou, ki pa chire fasil, ki elastik e ki dekonpoze nan lanati. Yo ka itilize branch oswa fil pwoteyin sa yo nan endistri pou yo fè materyèl tankou twal oswa materyèl yo itilize nan domèn medikal. Anfèt, gen plizyè fason yo ka sèvi ak jèl sa a si syantifik yo reyisi imite likid glise miksin nan bay la.

 Ki sa w panse? Èske likid konplike sa a miksin nan bay la egziste grasa evolisyon? Oswa se fè yo te fè l?