Al gade sa k anndan l

Moment/Robert D. Barnes via Getty Images

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Lang kolibri

Lang kolibri

 Syantifik yo te panse lang kolibri yo, ki gen yon seri tib, rale sik ki rele nekta ki nan flè yo grasa yon fenomèn natirèl. Men, dapre dènye rechèch ki fèt, yo vin wè kolibri yo sèvi ak yon pi bon metòd, yo pale de metòd sa a kòm “yon pyèj pou likid”.

 Fè yon ti reflechi: Lè lang kolibri a antre nan nekta a, lang nan fann fè de pati tankou yon kwòk. Epi pwent chak kwòk yo gen yon seri bagay tankou ti resò ki fèmen. Lè lang kolibri a touche likid la, ti resò yo ouvè epi, pwent lang lan ouvri. Se konsa, zwazo a annik pran nekta a. Li pa rale l monte menm jan nou rale nan chalimo. Lè l rale lang li, tout resò yo fèmen e konsa, nekta a tou bloke nan ti resò yo.

 Alejandro Rico-Guevara, Tai-Hsi Fan ak Margaret Rubega, moun k ap fè rechèch, fè konnen kolibri a kapab fè tout mouvman sa yo plis pase dis fwa nan yon sèl segonn. Men sa yo di tou: “Pwent lang nan ki pran likid yon fason otomatik chanje […] fòm nèt chak fwa l antre nan likid la e chak fwa l soti ladan l.”

 Mete sou sa, kolibri yo, ki toupiti, pa depanse okenn enèji pou yo fè sa. Se yon seri fòs natirèl ki fè pwent lang nan ouvè lè l ap antre nan nekta a epi fèmen lè l ap soti.

 Piske lang kolibri a ka byen pran likid, moun k ap fè rechèch yo kwè lamedsin, moun k ap fè wobo yo ak lòt syantifik ankò kapab kopye sou li. Fenomèn sa a kapab menm itil pou yo fè zouti pou netwaye likid oswa petwòl ki tonbe.

 Gade yon kolibri k ap tire lang li

 Ki sa w panse? Èske lang kolibri a, ki fèt yon fason ki konplike, se evolye l evolye? Oswa se fè yo te fè l?