Al gade sa k anndan l

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Kapasite chen yo genyen pou yo pran sant

Kapasite chen yo genyen pou yo pran sant

 Gen moun k ap fè rechèch ki fè konnen chen yo ka sèvi ak kapasite yo genyen pou yo pran sant lan, pou yo detekte laj lòt chen, pou yo wè si se yon mal oswa si se yon femèl ak fason lòt chen santi yo. Yo ka menm antrene chen pou yo detekte bonm ak dwòg. Lèzòm plis itilize je yo pou yo konnen sa k ap pase toutotou yo, men chen yo itilize kapasite yo genyen an pou yo pran sant. Nan yon sans, yo sèvi ak nen yo pou yo konprann.

 Fè yon ti reflechi: Kapasite chen yo genyen pou yo pran sant lan pi bon lontan pase pa nou an. Selon sa yon enstiti fè konnen (U.S. National Institute of Standards and Technology), yon chen “ka detekte sant yon seri bagay tou piti ki nan yon bagay ki konpoze ki gen plizyè sant. Se kòmsi yon moun ta gen kapasite pou l pran gou yon ka yon ti kiyè sik yo brase nan plizyè milye lit dlo”.

 Sa k fè kapasite chen yo genyen pou pran sant lan pi bon pase pa nou an?

  •   Nen chen yo mouye, sa fè l pi fasil pou yo pran sant tout ti bagay.

  •   Chak twou nen chen yo la pou yon bagay diferan, youn se pou l respire, lòt la se pou l pran sant. Lè yon chen ap pran sant yon bagay, lè a antre tou dwat nan twou nen ki la pou pran sant lan.

  •   Pati nan nen chen an ki la pou pran sant lan ka mezire 130 santimèt kare oubyen plis, tandiske pa lèzòm nan ka mezire sèlman 5 santimèt kare.

  •   Selil ki pèmèt chen yo pran sant lan kapab rive jiska 50 fwa pi plis pase pa lèzòm.

 Tout bagay sa yo fè yon chen gen kapasite pou l idantifye chak pati ki nan yon bagay ki gen plizyè sant. Pa egzanp, selon kèk espesyalis, nou ka pran sant yon soup, men chen an li menm ka detekte tout engredyan yo mete nan soup la.

 Gen moun k ap fè rechèch nan yon enstiti ki fè rechèch sou kansè (the Pine Street Foundation) ki fè konnen, sèvo chen yo ak nen yo travay ansanm pou yo rive bay “youn nan pi bon sistèm pou detekte sant ki egziste sou planèt la”. Syantifik yo ap eseye fè yon aparèy elektwonik pou rive detekte bonm, bagay moun pran nan kontrebann ak yon seri maladi, tankou kansè.

 Ki sa w panse? Èske kapasite chen genyen pou l pran sant lan vin egziste grasa evolisyon? Oswa se fè yo te fè l?