Al gade sa k anndan l

© Kim, Hyun-tae/iNaturalist. Licensed under CC-BY-4.0

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Son krapo yo rele krapo pyebwa japonè a

Son krapo yo rele krapo pyebwa japonè a

 Anpil moun konnen mal krapo pyebwa japonè a se yon krapo ki sanble rele nenpòt lè pou ti krik ti krak. Poutan, li posib pou yo rive idantifye son chak mal krapo menmsi gen yon gwoup krapo k ap rele. Nan peyi Japon, moun k ap fè rechèch sou krapo sa a dekouvri rezon an se paske mal nan yon menm zòn byen kowòdone son yo fè lè y ap rele femèl.

 Fè yon ti reflechi: Mal krapo pyebwa japonè a fè yon son pou l atire femèl. Son sa a soti nan kòd vokal li e li vin pi fò lè l frape nan sak ki konn gonfle krapo a gen anba babin li an.

 Ki jan yo ka rive fè diferans ant son chak mal ap fè? Moun k ap fè rechèch yo dekouvri krapo pyebwa japonè yo pa annik rete konsa yo fè yon son, men yo fè son yo youn apre lòt. Se yon teknik ki byen mache e ki anpeche son yo fèt anmenmtan. Konsa, li posib pou yo tande chak son yon mal fè toutpandan sa fè yo konsève fòs yo. Epitou, lefètke yo byen kowòdone son yo, sa pèmèt yo pran poz apre chak son yo fin fè.

 Men ki jan moun k ap fè rechèch nan domèn kominikasyon kopye sou fason krapo sa a kowòdone son: Yo fè gwo kalkil pou yo wè ki jan pou yo anpeche twòp data transmèt yon sèl kou. Youn nan rezilta sa ap bay sèke transmisyon data yo ap pi fyab e sa ap redui kantite kouran yo itilize.

 Ki sa w panse? Èske kapasite krapo pyebwa japonè yo genyen pou yo fè son ki soti tankou yon koral se evolye l evolye? Oswa èske se fè yo te fè l?