Al gade sa k anndan l

ANNOU IMITE LAFWA YO | MIRYAM

“Chante pou Jewova”!

“Chante pou Jewova”!

 Tipitit la te kanpe yon kote yo pa t ka wè l, ti je l te ret fikse sou wozo yo. Li te ret san bouje, byen konsantre, toutpandan Rivyè Nil la t ap glise desann tou dousman. Tan ap pase, men li rete la ap tann, ap veye, toutpandan l ap bat pou l pa distrè ak ti bèt k ap vole toutotou l yo. Kote l t ap gade a, te gen yon pànye ki te kache. Yo te fè pànye sa a yon fason pou dlo pa ka antre ladan l e ti frè l ki te yon ti bebe nan moman sa a te anndan pànye a. Ti kè l t ap dechire paske l te konnen ti frè l la te nan pànye a, poukont li, san defans. Men, li te konnen tou paran l yo te gen rezon lè yo te di se sèl fason sa a pou bebe a ta sove nan moman an.

 Tifi sa a te deja demontre anpil kouraj e nan yon tikras tan, li t apral bezwen gen plis kouraj toujou. Nan moman sa a, gen yon bèl kalite ki te gentan kòmanse devlope nan kè l, se lafwa. Nan yon ti tan, lafwa sa a t ap parèt aklè e li t apral gen efè sou tout lavi l. Apre anpil ane, pandan l fin granmoun, lafwa l te ede l nan moman ki te pi estrawòdinè nan istwa pèp li a. Menm kalite sa a t ap gen pou ede l pi devan apre l te fin fè yon gwo erè. Kiyès tipitit sa a te ye? Ki sa nou ka aprann sou lafwa l?

Miryam, pitit de esklav

 Labib pa site non tipitit la, men nou pa gen dout sou kiyès li ye. Se te Miryam, premye pitit Amram ak Jokebèd, de esklav ebre nan peyi Ejip (Nonb 26:59). Annapre, yo t apral rele ti frè l la Moyiz. Arawon, gran frè ti bebe a, dwe te gen anviwon twazan nan epòk la. Nou pa fin konn ki laj Miryam te genyen, men li rezonab pou nou panse li potko gen dizan.

 Miryam te grandi nan yon moman kote bagay yo te difisil anpil pou moun ki te nan pèp li a. Ejipsyen yo te konsidere Ebre yo se yon gwo menas pou yo se sa k fè yo te fè yo tounen esklav e yo te fè yo soufri anpil. Malgre Ejipsyen yo te konn maltrete esklav yo, yo pa t mouri e yo kontinye fè plis pitit, sa te fè Ejipsyen yo pè e yo te chèche fè yo plis mechanste. Farawon te bay lòd pou yo touye tout tigason ki fèk fèt yo. Sandout, Miryam te konnen jan Chifra ak Pouwa, de fanmsaj, te demontre yo gen lafwa, paske san moun pa t konnen, yo pa t obeyi lòd sa a. — Egzòd 1:8-22.

 Miryam te wè jan paran l te gen lafwa tou. Apre twazyèm pitit yo a te fin fèt, yon bèl ti bebe, Amram ak Jokebèd te sere l pandan twa premye mwa yo. Yo pa t pè Farawon, donk yo te sere tibebe yo a (Ebre 11:23). Men, sere yon tibebe se pa yon bagay ki fasil, e nan yon tikras tan, yo te vin oblije pran yon desizyon ki difisil anpil. Jokebèd te oblije sere timoun nan epi l te oblije mete l yon kote pou yon moun ki ka pwoteje l e ki ka leve l jwenn li. Imajine jan manman sa a te priye ak tout kè l pandan l t ap trese yon pànye wozo ki kouvri ak goudwon ak gonm pou dlo pa antre ladan l e lè l te kite ti pitit li renmen an nan rivyè Nil la! Se sèten l te di Miryam pou l ret veye pou l wè sa k pral pase. — Egzòd 2:1-4.

Miryam te sove lavi l

 Se konsa, Miryam te ret tann. Rive yon lè, li te wè kèk moun k ap vini. Gen yon gwoup fi Ejipsyen ki t ap pwoche. E se pa t moun konsa konsa. Se te pitit fi Farawon an ak yon seri fi ki t ap sèvi l ki te vin benyen nan Nil la. Petèt kè Miryam fè vip! Èske l te ka oze espere pou pwòp pitit fi Farawon ta vyole lòd wa a pou l ta chwazi pwoteje tibebe Ebre sa a? Sandout, Miryam te priye ak tout kè l nan moman sa a.

 Se pitit fi Farawon an ki premye wè pànye a nan wozo yo. Li voye fi ki te esklav li a al chèche l. Men sa Bib la di konsènan prensès la: “Pitit fi Farawon an ouvè l e li wè tibebe a. Tigason an t ap kriye.” Li gentan konprann sa k pase a, genlè yon fi Ebre t ap eseye sove lavi pitit li. Men, kè pitit fi Farawon an te fè l mal pou bèl pitit sa a (Egzòd 2:5, 6). Sandout Miryam t ap suiv, e li te ka wè konpasyon dam nan te genyen. Tipitit la te wè moman an te apwopriye pou l met lafwa l nan Jewova e pou l aji. Li met kouraj sou li epi l al kot medam yo.

 Nou pa konnen ki sa yo te ka fè yon ti esklav ebre ki pa krenn pou l pwoche kot yon moun ki nan fanmi wa a e pou l pale. Men, Miryam te poze l yon kesyon, li te di l: “Èske m mèt al chèche yon nouris nan mitan Ebre yo pou l ka ba l tete e pou l ka okipe l pou ou?” Kesyon an te byen tonbe. Pitit fi Farawon an te konnen li pa t ap ka bay bebe a tete. Petèt li te santi li t ap pi saj si se moun pa tipitit la ki te ba l tete epi apre sa yo t ap pote l tounen lakay li kòm yon timoun li adopte e li t ap leve l epi ba l edikasyon. Se pa ti kontan Miryam dwe te kontan lè prensès la te annik di l: “Ale non”! — Egzòd 2:7, 8.

Avèk kouraj, Miryam te voye je sou ti frè l la ki te yon bebe.

 Miryam kouri al jwenn paran l yo ki te gen kè kase. Imajine jan li te pale ak kè kontan pandan l t ap bay manman l nouvèl la. Sandout Jokebèd te sèten se Jewova k ap aji, se sa k fè li te tounen kot pitit fi Farawon an ak Miryam. Petèt Jokebèd te fè tout sa l kapab pou l pa parèt twò kontan ni twò soulaje lè prensès la te di l: “Pran pitit la, okipe l pou mwen e m ap peye w pou sa.” — Egzòd 2:9.

 Jou sa a, Miryam te aprann anpil bagay sou Jewova, Bondye l la. Li te aprann li sansib pou moun k ap sèvi l e li koute priyè yo. E li te aprann se pa granmoun oubyen gason sèlman ki ka gen lafwa ak kouraj. Jewova koute tout moun k ap sèvi l fidèlman (Sòm 65:2). Jodi a, nan tan difisil n ap viv la, nou tout nou bezwen sonje sa, kit nou jèn, kit nou granmoun, kit nou se gason kit nou se fi.

Miryam, yon sè ki gen pasyans

 Jokebèd te bay tibebe a tete e l te pran swen l. Nou ka imajine jan Miryam te vin atache ak ti frè l sa a. Petèt li te ede l aprann pale e l te kontan anpil lè l te site non Jewova, Bondye l la pou premye fwa. Lè timoun nan vin gran, lè a te rive pou yo pote l bay pitit fi Farawon an (Egzòd 2:10). Sandout, separasyon sa a te fè fanmi an tris anpil. Men, se pa ti tann Miryam t ap tann pou l wè ki kalite moun Moyiz, non pitit fi Farawon an te ba l la, t ap vin tounen! Èske l t ap kontinye renmen Jewova toutpandan l ap grandi pami fanmi wa Ejip la?

 Rive yon lè, repons kesyon sa a te parèt klè. E lè sa a, sandout Miryam te santi l fyè lè l te tande ti frè l la te vin yon gason ki te chwazi sèvi Bondye l la olye l chwazi pwofite tout avantaj li te jwenn lakay Farawon! Lè Moyiz vin gen 40 an, li te defann pèp li a, men se pa t ni pi bon fason an ni pi bon moman an. Li touye yon Ejipsyen paske l t ap maltrete yon esklav ebre. Moyiz te konnen yo t ap touye l pou sa l te fè a, se sa k fè li kouri kite peyi Ejip. — Egzòd 2:11-15; Travay 7:23-29; Ebre 11:24-26.

 Petèt nan karant an ki te vin apre yo, Miryam pa t tande nouvèl frè l la ditou, paske nan moman sa a, li t ap viv byen lwen nan yon zòn ki rele Madyan e l te konn okipe mouton (Egzòd 3:1; Travay 7:29, 30). Toutpandan Miryam t ap tann avèk pasyans, e toutpandan l ap vin granmoun, li te wè jan pèp li a t ap soufri e yo t ap vin pi mal.

Miryam, yon dam ki pwofèt

 Miryam dwe te gen plis pase 80 an lè Bondye te fè Moyiz tounen vin sove pèp Li a. Arawon te sèvi Moyiz pòtpawòl, e de frè Miryam yo te pwoche kot Farawon ansanm pou yo mande l libere pèp Bondye a. Sandout, li te fè tout sa l kapab pou l soutni yo e pou l ankouraje yo apre Farawon te fin voye yo ale. Sandout, li te soutni yo tou lè Farawon te refize voye pèp la ale plizyè fwa pandan Jewova t ap lage dis flewo pou l avèti moun Ejip yo. Finalman, sou dènye flewo a, sètadi lè tout premye pitit gason Ejipsyen yo te mouri a, lè a te rive pou Izrayelit yo kite peyi Ejip! Imajine jan Miryam te zele pou l ede moun nan pèp li a pandan yo prale ansanm ak Moyiz ki t ap gide yo. — Egzòd 4:14-16, 27-31; 7:1–12:51.

 Annapre, lè pèp Izrayèl la te bloke ant Lanmè Wouj ak lame Ejipsyen an, Miryam te wè Moyiz, frè l la, ki kanpe devan lanmè a e ki leve baton l lan. Lanmè a fann de bò! Toutpandan Moyiz t ap fè yo travèse lanmè a sou tè sèk, sandout lafwa Miryam gen nan Jewova te vin pi solid pase anvan. Li t ap sèvi yon Bondye ki ka fè tout bagay, ki ka reyalize tout pwomès li fè! — Egzòd 14:1-31.

 Apre sa, lè pèp la te an sekirite sou lòt bò lanmè a, e apre lanmè a te fin kraze lame Farawon an, Miryam te wè jan Jewova gen plis fòs lontan pase pi gwo lame ki te gen nan epòk la. Sa te pouse pèp la chante pou Jewova. Lè sa a, Miryam te pran latèt pami medam yo pou yo chante chante sa a: “Chante pou Jewova, paske li ranpòte yon kokennchenn viktwa. Li lage cheval la ak moun ki te sou li a nan lanmè.” — Egzòd 15:20, 21; Sòm 136:15.

Bondye te pouse Miryam pran latèt pami medam Izrayèl yo nan chante yon chan viktwa nan Lanmè Wouj.

 Se te youn nan pi bèl moman nan lavi Miryam, yon moman li pa t ap janm bliye. Nan moman sa a nan istwa a, Bib la fè konnen Miryam se yon dam ki pwofèt. Se premye fi Bib la bay tit sa a. Miryam se youn nan kèk grenn fi ki te sèvi Jewova nan fason espesyal sa a. — Jij 4:4; 2 Wa 22:14; Ezayi 8:3; Lik 2:36.

 Se konsa Bib la fè nou sonje Jewova ap gade nou e li vle onore ti efò nou fè yo, pasyans nou ak dezi nou genyen pou nou ba l louwanj. Kit nou jèn, kit nou granmoun, kit nou se gason, kit nou se fi, nou ka montre nou gen lafwa nan Jewova. Yon lafwa konsa fè l plezi, li pap janm bliye sa e li kontan rekonpanse nou pou sa (Ebre 6:10; 11:6). Ala yon bèl rezon pou nou imite lafwa Miryam!

Miryam vin gen ògèy

 Privilèj ak pozisyon espesyal pote benediksyon, men yo ka vin yon danje tou. Nan moman Izrayelit yo te libere anba esklavaj la, li posib pou Miryam se te fi ki gen pi gwo pozisyon nan nasyon an. Èske l ap kite ògèy oubyen anbisyon anvayi l (Pwovèb 16:18)? Malerezman, pandan yon tan li te kite sa rive l.

 Kèk mwa apre pèp la te sot nan peyi Ejip, Moyiz te resevwa vizit yon gwoup moun ki te sot byen lwen. Se te bòpè l, Jetwo, ki te vin ak Sefora, madanm Moyiz ak de pitit gason yo te genyen yo. Moyiz te marye pandan 40 ane li te pase Madyan yo. Anvan sa, Sefora te tounen al jwenn fanmi l nan Madyan, petèt pou l rann yo vizit, men kounye a, papa l te mennen l tounen nan kan Izrayelit yo (Egzòd 18:1-5). Imajine jan Izrayelit yo te santi yo lè moun sa yo te rive nan kan an! Sandout anpil moun te anvi konn madanm mesye sa a Bondye te chwazi pou fè yo soti nan peyi Ejip la.

 Èske Miryam te kontan Sefora vini tou? Petèt okòmansman li te kontan. Men sanble rive yon lè li te kite ògèy anvayi l. Petèt li te santi li menase, petèt li te santi Sefora pral pran plas li kòm fi ki gen plis enpòtans nan nasyon an. Kèlkeswa jan sa ye, Miryam ak Arawon te kòmanse pale move pawòl. E jan sa abitye fèt, nan yon tikras tan move pawòl sa yo te vin gen mechanste ladan yo. Okòmansman, yo te kòmanse plenyen akoz Sefora, kòmkwa li pa Izrayelit, se yon moun Kouch li ye a. Men, apre sa, yo te vin ap plenyen kont Moyiz. Miryam ak Arawon t ap di: “Èske se sèlman ak Moyiz Jewova sèvi pou l pale ak pèp la? Èske l pa sèvi avèk nou tou pou l pale avè l?” — Nonb 12:1, 2.

Miryam gen lèp

 Lè Miryam ak Arawon te di pawòl sa yo, nou ka wè yo te kòmanse gen yon etadespri ki ka lakòz malè tonbe sou yo. Yo pa t satisfè ak fason Jewova t ap sèvi ak Moyiz la, yo te vle gen plis otorite ak pouvwa. Èske se paske Moyiz te yon moun ki te konn mal sèvi ak otorite l oubyen ki t ap chèche jwenn glwa e ki te gen ògèy? Se sèten, Moyiz te gen defo pa l, men li pa t yon moun ki gen anbisyon ak ògèy. Men sa Bib la fè konnen: “Moyiz se moun ki te gen plis imilite pase tout moun ki te sou tè a.” Pa gen okenn fason Miryam ak Arawon te ka gen rezon nan sa yo t ap di sou Moyiz la e yo te an danje. Bib la di “Jewova t ap koute yo”. — Nonb 12:2, 3.

 San pèdi tan Jewova te bay twa frè ak sè yo lòd pou y al nan tant reyinyon an. Lè sa a, gwo nyaj ki te gen fòm poto ki te reprezante prezans Jewova a te desann e l te ret kanpe nan antre tant lan. Epi Jewova pale. Li repwoche Miryam ak Arawon, li te fè yo sonje jan Li te gen yon relasyon espesyal ak Moyiz ak gwo konfyans li te chwazi met nan mesye sa a. Epi, Jewova mande yo: “Bon, poukisa nou pa t pè pale Moyiz, sèvitè m nan, mal?” Se sèten Miryam ak Arawon dwe te pè anpil. Jewova te konsidere lè yo te manke Moyiz respè a se li menm yo te manke respè. — Nonb 12:4-8.

 Sanble se Miryam ki te pran latèt pou l aji san respè, li te fè ti frè l la pran pati pou li kont bèlsè l la. Sa fè nou konprann poukisa se Miryam ki te resevwa pinisyon annapre. Jewova te fè maladi lèp tonbe sou li. Maladi terib sa a te fè po l vin “blan kou koton”. Menm moman an, Arawon te mete l byen ba devan Moyiz, li te sipliye l pou l mande Jewova padon pou yo. Men sa l te di: “Se pa ti mal nou te mal aji lè n te fè sa!” Moyiz ki te yon gason ki gen anpil imilite, te sipliye Jewova, li te di: “O Bondye, tanpri, geri l! Tanpri!” ​(Nonb 12:9-13). Fason toule de frè yo te tris la montre ki jan yo te renmen gran sè yo a, malgre li te fè erè.

Bondye padone Miryam

 Jewova te fè l mizèrikòd. Li te geri Miryam ki te repanti. Men, li te mande pou l pase sèt jou nan karantèn pa deyò kan Izrayèl la. Sandout se te yon bagay ki te fè Miryam wont anpil, paske tout moun nan kan an t ap konnen li resevwa yon disiplin. Men, lafwa l te genyen an te sove l. Li te konnen nan kè l Jewova, Papa l, te aji avèk jistis e se paske l renmen l ki fè l disipline l. Donk, li te fè sa Jewova te di l la. Sèt jou te pase. Yo t ap tann li nan ka an. Pandan tan sa a, Miryam te poukont li. Apre sa, Miryam te montre l gen lafwa ankò, fwa sa a, se lè l te demontre imilite lè yo t ap “fè l retounen” nan kan an. — Nonb 12:14, 15.

 Jewova disipline moun li renmen (Ebre 12:5, 6). Se paske li te tèlman renmen Miryam anpil ki fè li te korije ògèy li te demontre a. Koreksyon sa a te fè Miryam soufri, men se sa ki te sove l. Kòm li te dakò aksepte disiplin nan, li te retounen gen favè Bondye. Li te ret vivan pandan prèske tout tan Izrayèl te fè nan dezè a. Lè l mouri Kadès, nan dezè Zin nan, petèt li te prèske gen 130 an b (Nonb 20:1). Plizyè syèk apre sa, Jewova te demontre lanmou pou Miryam lè l te onore l pou sèvis fidèl li. Men sa l te fè pèp li a sonje pa mwayen pwofèt Mika: “Se mwen ki te libere nou pou n pa esklav ankò. Se mwen ki te voye Moyiz, Arawon ak Miryam bò kote nou.” — Miche 6:4.

Lafwa Miryam te ede l kontinye gen imilite lè Jewova te disipline l.

 Nou ka aprann anpil bagay nan lavi Miryam. Nou dwe pwoteje sila yo ki san defans e nou dwe met kouraj sou nou pou n pale sa ki byen, jan l te fè sa lè l te timoun (Jak 1:27). Menm jan avè l, nou dwe fè konnen mesaj Bondye bay yo ak kè kontan (Women 10:15). Menm jan avè l, nou dwe kouri pou jalouzi ak move santiman ki se pwazon (Pwovèb 14:30). E menm jan avè l, nou dwe aksepte lè Jewova korije nou avèk imilite (Ebre 12:5). Lè nou fè bagay sa yo, n ap imite lafwa Miryam toutbon.

a Nan ka Sefora, sanble lè yo te di li se yon “moun Kouch” sa te vle di li se moun Arabi, menm jan ak yon seri lòt moun Madyan, sa pa t vle di li te soti Etyopi.

b Twa frè ak sè sa yo te mouri nan lòd yo te fèt la: Miryam anvan, apre sa Arawon e finalman Moyiz. Sanble sa te fèt nan anviwon yon ane.