Al gade sa k anndan l

Èske l nòmal pou yon kretyen suiv metòd pou l pa fè pitit?

Èske l nòmal pou yon kretyen suiv metòd pou l pa fè pitit?

Repons Bib la bay

 Jezi pa t bay moun ki t ap suiv li yo lòd pou yo fè pitit oubyen pa fè pitit. Ni pa t gen youn nan disip Jezi yo ki te bay règ sou sa. Pa gen okenn kote nan Bib la yo di aklè pou moun pa suiv metòd pou yo pa fè pitit. Nan ka sa a, prensip ki nan Women 14:12 la se li ki aplikab. Li di: “Nou chak pral rann Bondye kont pou tèt nou.”

 Se sa k fè, moun ki marye yo lib pou yo deside si wi ou non y ap fè pitit. Yo ka deside tou konbyen pitit y ap fè e ki lè y ap fè yo. Si yon mari ak madanm li chwazi yon metòd ki pap fè yo gen timoun, e metòd la pap lakòz yo jete timoun tou, se desizyon pèsonèl yo ak responsablite yo. Pèsonn pa dwe jije yo. — Women 14:4, 10-13.