Al gade sa k anndan l

Gid pou etid

Telechaje gid pou etid sa yo epi itilize yo ansanm ak liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an. Chèche konn plis sou sa w kwè yo, egzamine sa Labib anseye epi aprann ki jan pou w defann lafwa w.

CHAPIT 1

Kiyès Bondye ye? (1ye pati)

Ki jan w te ka reponn yon moun ki di w “Pou Bondye pini mechan yo, li fè yo soufri”?

CHAPIT 1

Kiyès Bondye ye? (2yèm pati)

Èske l posib pou yon moun zanmi Bondye toutbon?

CHAPIT 2

Labib: yon liv Bondye ban nou (1ye pati)

Piske se lèzòm ki te ekri Bib la, ki jan l ka fè ‘soti nan Bondye’?

CHAPIT 2

Labib: yon liv Bondye ban nou (2yèm pati)

Gen yon aspè nan Bib la, petèt plis pase nenpòt lòt aspè, ki konvenk moun yo Bib la se yon liv Bondye ban nou.

CHAPIT 3

Ki objektif Bondye gen pou lèzòm? (1ye pati)

Èske Bondye te vle pou bagay yo vin jan yo ye jodi a?

CHAPIT 3

Ki objektif Bondye gen pou lèzòm? (2yèm pati)

Si Bondye te vle pou tè a vin yon paradi, poukisa tè a pa konsa jodi a?

CHAPIT 3

Ki objektif Bondye gen pou lèzòm? (3yèm pati)

Èske se objektif Bondye pou se lèzòm ki rezoud pwoblèm ki gen nan monn nan?

CHAPIT 4

Kiyès Jezi Kris ye? (1ye pati)

Ki sa w t ap di yon moun ki di Jezi te jis yon bon moun?

CHAPIT 4

Kiyès Jezi Kris ye? (2yèm pati)

Ki repons ou t ap bay yon moun ki di w Jezi se Bondye?

CHAPIT 4

Kiyès Jezi Kris ye? (3yèm pati)

Kòman Jezi te montre yon fason pafè jan li fèm e janti anmenmtan?

CHAPIT 5

Ranson an: pi gwo kado Bondye bay la (1ye pati)

Èske li posib pou nou sove grasa lafwa nou?

CHAPIT 5

Ranson an: pi gwo kado Bondye bay la (2yèm pati)

Ki jan lanmò yon moun ki fèt sa gen plizyè milye ane ka gen efè sou lavi nou jodi a?

CHAPIT 6

Lè nou mouri, ki kote n ale? (1ye pati)

Èske y ap viv nan yon lòt monn? Èske y ap boule nan yon dife lanfè?

CHAPIT 6

Lè nou mouri, ki kote n ale? (2yèm pati)

Èske lanmò se jis yon bagay ki nòmal nan lavi a?

CHAPIT 7

Pral gen yon rezirèksyon! (1ye pati)

Si w nan lapenn, èske sa vle di ou manke lafwa nan rezirèksyon an?

CHAPIT 7

Pral gen yon rezirèksyon! (2yèm pati)

Ki jan w ka reponn yon moun ki di rezirèksyon an twò bèl pou l fèt vre?

CHAPIT 8

Ki sa Wayòm Bondye a ye? (1ye pati)

Poukisa Bondye chwazi moun pou al dirije kòm wa nan syèl la alòske gen yon pakèt zanj fidèl nan syèl la?

CHAPIT 8

Ki sa Wayòm Bondye a ye? (2yèm pati)

Ki sa l fè deja? Ki sa l pral fè alavni?

CHAPIT 9

Èske lafendimonn toupre? (1ye pati)

Gen kèk moun ki twouve l difisil pou yo kwè n ap viv nan dènye jou yo. Ki rezon w genyen ki fè w sèten n ap pwoche pi pre fen sistèm sa a?

CHAPIT 9

Èske lafendimonn toupre? (2yèm pati)

Bib la pale konsènan kèk bon bagay k ap rive nan dènye jou yo.

CHAPIT 10

Laverite sou zanj yo (1ye pati)

Èske zanj yo egziste? Èske gen move zanj? Sèvi ak gid pou etid sa a pou w chèche repons yo.

CHAPIT 10

Laverite sou zanj yo (2yèm pati)

Èske l mal pou yon moun eseye gen kontak ak espri yo?

CHAPIT 11

Poukisa gen anpil soufrans konsa? (1ye pati)

Si Bondye Toupisan, èske se pa li menm ki lakòz tout move bagay k ap rive yo?

CHAPIT 11

Poukisa gen anpil soufrans konsa? (2yèm pati)

Ekriti yo bay yon repons klè pou kesyon difisil sa a.

CHAPIT 12

Ki jan w ka vin zanmi Bondye? (1ye pati)

Èske w ka vin zanmi Bondye? Egzamine kwayans ou genyen yo ak rezon ki fè w gen kwayans sa yo, e egzamine sa Bib la anseye.

CHAPIT 12

Ki jan w ka vin zanmi Bondye? (2yèm pati)

Èske nou ka fè Bondye plezi malgre Satan ap fè nou jwenn pwoblèm?

CHAPIT 12

Ki jan w ka vin zanmi Bondye? (3yèm pati)

Sa mande anpil efò pou nou konfòme lavi nou ak prensip Bondye yo. Èske efò yo vo lapèn?

CHAPIT 13

Respekte lavi ki se yon kado (1ye pati)

Lavi se yon kado Bondye ban nou. Ki jan n ka montre n respekte lavi nou ak lavi lòt moun?

CHAPIT 13

Respekte lavi ki se yon kado (2yèm pati)

Nonsèlman gid pou etid sa a ap ede w chèche konn plis sou sa w kwè konsènan transfizyon san, men tou, l ap ede w esplike lòt moun sa w kwè.

CHAPIT 14

Fanmi w kapab gen kè kontan (1ye pati)

Ki sa ki esansyèl pou gen kè kontan nan yon maryaj? Chèche konn plis sou sa w kwè yo, egzamine sa Labib anseye, epi aprann ki jan pou w esplike lòt moun sa w kwè yo lè w sèvi ak gid pou etid sa a.

CHAPIT 14

Fanmi w kapab gen kè kontan (2yèm pati)

Ki jan paran yo ak timoun yo ka jwenn byenfè lè yo suiv egzanp Jezi? Chèche konn plis sou sa w kwè yo ansanm ak sa Labib di sou sa.

CHAPIT 15

Yon sèl fason ki bon pou n adore Bondye (1ye pati)

Èske tout relijyon yo fè Bondye plezi? Si se non, ki jan w ka idantifye vrè relijyon an? Egzamine sa Labib anseye epi chèche konn plis sou sa w kwè yo.

CHAPIT 15

Yon sèl fason ki bon pou n adore Bondye (2yèm pati)

Èske l sifi pou n annik kwè nan Bondye pou n ka jwenn apwobasyon l? Oswa èske Bondye atann plis nan men adoratè l yo?

CHAPIT 16

Pran pozisyon pou vrè adorasyon an (1ye pati)

Èske Bondye dakò ak fèt anivèsè nesans, fèt relijyon yo fete ak sèvi ak imaj nan adorasyon n ap ba li? Ki prensip nan Bib la ki ka ede nou?

CHAPIT 16

Pran pozisyon pou vrè adorasyon an (2yèm pati)

Ki jan w ka esplike lòt moun kwayans ou san w pa blese santiman yo e avèk respè?

CHAPIT 17

Lapriyè se yon privilèj (1ye pati)

Ki jan w ka zanmi Bondye? Ki jan w ka konnen si l koute priyè w yo?

CHAPIT 17

Lapriyè se yon privilèj (2yèm pati)

Gade sa Bib la anseye sou ki jan ak ki lè nou dwe priye.

CHAPIT 17

Lapriyè se yon privilèj (3yèm pati)

Labib fè nou konnen Bondye reponn priyè nou yo divès fason. Ki jan e ki lè li ka reponn pa w yo?

CHAPIT 18

Èske m dwe vwe lavi m bay Bondye epi pou m batize? (1ye pati)

Poukisa li nesesè pou yon kretyen batize? Ki sa k ta dwe pouse yon kretyen pou l batize?

CHAPIT 18

Èske m dwe vwe lavi m bay Bondye epi pou m batize? (2yèm pati)

Ki etap yon kretyen dwe suiv anvan l vwe lavi l bay Jewova? Ki jan lè l vwe lavi l sa gen efè sou desizyon l ap pran apre sa?

CHAPIT 18

Èske m dwe vwe lavi m bay Bondye epi pou m batize? (3yèm pati)

Ki sa yon kretyen ki vwe lavi l bay Bondye dwe fè? Poukisa kretyen ki vrèman renmen Bondye yo kapab gen konfyans Bondye ap ede yo viv ann amoni ak ve yo te fè l la?

CHAPIT 19

Rete pwòch ak Jewova (1ye pati)

Ki jan w ka kenbe yon relasyon sere ak Jewova? Gid pou etid sa a ap ede w egzamine kwayans ou epi esplike lòt moun yo.

CHAPIT 19

Rete pwòch ak Jewova (2yèm pati)

Apre w fin aprann laverite sou Bondye, ki sa k ap ede w kenbe lanmou w gen pou li e vin pi pwòch li?