Al gade sa k anndan l

ÈD POU FANMI | FASON POU N LEVE PITIT NOU

Sa k fè l enpòtan pou timoun yo li — 2yèm pati: Sou yon ekran oswa sou papye?

Sa k fè l enpòtan pou timoun yo li — 2yèm pati: Sou yon ekran oswa sou papye?

 Èske pitit ou prefere li nan yon liv yo enprime oubyen sou ekran yon aparèy elektwonik?

 Anpil jèn t ap prefere ekran yon aparèy elektwonik. Men sa Doktè Jean M. Twenge ekri: “Liv pa twò enterese timoun ki leve nan yon jenerasyon kote se klike yo klike pou y al nan yon lyen oubyen nan yon paj nan kèk segonn.” a

 Gen avantaj lè yon moun sèvi ak aparèy elektwonik pou l li. Men sa John ki gen 20 an fè konnen. “Nan lekòl mwen, yo te konn sèvi ak liv elektwonik, opsyon pou fè rechèch ki te nan liv sa yo te pèmèt mwen jwenn enfòmasyon m bezwen yo byen rapid.”

 Moun ki sèvi ak aparèy elektwonik pou yo li gen yon pakèt zouti yo ka itilize ki byen fasil pou yo jwenn. Pa egzanp, yo ka annik klike oubyen annik manyen aparèy la pou yo jwenn definisyon yon mo, pou yo jwe yon anrejistreman odyo, pou yo gade yon videyo ki gen rapò ak sa y ap li a, oubyen pou yo jwenn lòt enfòmasyon toujou pa mwayen yon lyen. Sepandan, èske sa vle di yon moun pap jwenn avantaj lè l li sou papye?

 Gen moun ki prefere li sou papye lè se rechèch y ap fè. Sa k fè sa?

  •   Konsantrasyon. Men sa yon adolesan ki rele Nathan di: “Lè m ap li sou ekran yon aparèy elektwonik, byen souvan gen reklam ak mesaj ki parèt ki konn distrè m e ki anpeche m ret konsantre sou sa m ap fè a.”

     Karen ki gen 20 an, gen apeprè menm pwoblèm nan. Men sa l di: “Lè m ap li sou yon telefòn oubyen sou yon tablèt, li fasil pou m distrè e pou m al sou yon lòt aplikasyon oubyen pou m anvi al jwe yon jwèt sou aparèy la.”

     Prensip Bib la bay: “Byen sèvi ak tan nou.” — Kolosyen 4:5.

     Fè yon ti reflechi: Èske pitit ou gen ase metriz pou l pa kite lòt bagay distrè l lè l ap li oubyen lè l ap etidye sou yon aparèy elektwonik? Si w remake pitit ou pa ka konsantre, ou ka bezwen ede l aprann fè sa.

     Men yon ide: Ede pitit ou konprann lè l kite aparèy elektwonik yo distrè l, sa ka fè l pase plis tan nan devwa l e sa ka pran nan tan li te ka ap pase nan lòt aktivite.

  •   Konpreyansyon. Men sa yon liv fè konnen: “Plizyè eksperyans ki fèt montre lè yon moun li sou papye, li konprann pi byen pase lè l li sou yon ekran.” — Be the Parent, Please.

     Youn nan rezon yo se paske lè moun ap li sou ekran, yo gen tandans li enfòmasyon y ap li yo byen vit olye yo ret konsantre sou yo. Men sa yon ekriven ki rele Nicholas Carr, fè konnen: “Lè nou sou Entènèt, byen souvan objektif nou se pran tout enfòmasyon nou ka pran ak je nou byen rapid.” b

     Se vre, pafwa li bon pou nou chèche pran anpil enfòmasyon byen vit lè n ap li. Men, selon Carr, pwoblèm nan “se lè sa vin tounen yon abitid pou nou”. Sa ka vin lakòz pitit ou gen abitid pou l annik pase sou enfòmasyon yo san l pa chèche konprann yo.

     Prensip Bib la bay: “Anplis tout sa w genyen, chèche gen bon konprann.” — Pwovèb 4:7.

     Fè yon ti reflechi: Ki jan w ka ede pitit ou chèche pi byen konprann yon sijè, kit se sou papye, kit se sou yon ekran?

     Men yon ide: Montre w rezonab. Ou pa oblije chwazi yon sèl mwayen pou w li. Kit se papye, kit se aparèy elektwonik, yo chak gen avantaj pa yo. An reyalite, gen kèk aspè nan aparèy elektwonik yo ki ka ede yon moun pi byen konprann sa l ap li a. Donk, montre w rezonab lè w ap ede pitit ou wè avantaj ak dezavantaj ki genyen nan toude fason moun ka chwazi li yo. Epitou, sonje tout timoun pa menm.

  •   Sa moun sonje. Men sa Ferris Jabr fè konnen nan yon atik ki te parèt nan yon jounal: “Lè nou li sou ekran aparèy elektwonik, sa kapab plis fatige lespri nou pase si n te li sou papye. E sa ka fè l yon ti jan pi difisil pou n sonje sa n te li a.” — Scientific American.

     Pa egzanp, lè nou li yon liv ki enprime, sa ede memwa nou paske nou kapab sonje kote enfòmasyon nou bezwen an ye sou yon paj. Konsa, se kòmsi nou make paj la pou lè nou bezwen l pi devan.

     Mete sou sa, moun k ap fè rechèch yo rann yo kont, moun ki li enfòmasyon enprime yo gen tandans pi byen konprann enfòmasyon yo li yo. Yo sonje enfòmasyon an paske sanble yo te aprann li pi byen.

     Prensip Bib la bay: “Toujou bat pou w gen sajès e pou w aprann reflechi.” — Pwovèb 3:21.

     Fè yon ti reflechi: Èske l difisil pou pitit ou konprann oubyen sonje sa l te li oubyen sa l te etidye? Si w wè sa difisil pou li, ki jan w ka ede l amelyore fason l etidye? Èske si l sèvi ak yon liv ki enprime sa ap ede l?

     Men yon ide: Konsantre w plis sou fason pitit ou aprann pi byen olye w konsantre sou sa l prefere. An jeneral, moun yo gen tandans egzajere lè yo panse yo pi byen konprann lè yo li sou yon ekran.

a Deklarasyon sa a sot nan liv iGen nan.

b Deklarasyon sa a soti nan liv The Shallows la.