Al gade sa k anndan l

ÈD POU FANMI | MARYAJ

Lè moun ou marye avè l la gen bagay lakay li ki deranje w

Lè moun ou marye avè l la gen bagay lakay li ki deranje w
  •   Ou pa renmen planifye tout bagay alavans men, moun ou marye avè l la renmen planifye tout bagay.

  •   Ou se yon moun ki poze e ki rezève men, moun ou marye avè l la renmen anbyans e l renmen gen moun bò kote l.

 Èske moun ou marye avè l la gen yon bagay lakay li ki deranje w? Si w konsantre sou sa, sa kapab gen move efè sou maryaj ou. Bib la di: “Moun ki pa sispann repete yon bagay ki te pase ap met bon zanmi dozado.” — Pwovèb 17:9.

 Olye w kite yon bagay ou pa renmen lakay moun ou marye avè l la vin lakòz pwoblèm ant ou menm ak moun nan, li te ka pi bon pou w chèche wè bon kote nan pati sa a nan pèsonalite l.

Nan atik sa a n ap wè:

 Yon pi bon fason pou w wè bagay ki deranje w lakay moun ou marye avè l la

 Bagay ki deranje w lakay moun ou marye a kapab gen rapò ak yon kalite ou renmen lakay li. Ann pran twa egzanp:

 “Byen souvan, mari m pran tan anvan l fè yon seri bagay oswa anvan l pare lè l pral yon kote. Anmenmtan, se sa k fè l se yon moun ki gen pasyans, menm avè m. Lefètke li se yon moun ki pran tan l, pafwa, sa deranje m, men m sonje se youn nan bagay tou mwen renmen lakay li.” — Chelsea.

 “Madanm mwen renmen planifye tout ti detay, li vle santi li gen kontwòl tout bagay. Se yon bagay ki konn deranje m. Yon lòt bò, lefètke li pa kite okenn ti detay pase, sa fè li toujou pare pou tout bagay.” — Christopher.

 “Mari m ka sanble yon moun ki pa bay anyen regle anyen pou li, sa ki konn deranje m. Anmenmtan tou, poze l poze a se youn nan premye bagay ki te atire m lakay li. Mwen admire kapasite l genyen pou l rete kalm nan sitiyasyon ki stresan.” — Danielle.

 Jan Chelsea, Christopher ak Danielle te aprann sa, byen souvan, yon kalite moun ou marye a genyen kapab gen de aspè, li ka gen yon bon kote e anmenmtan yon move kote. Nan yon ka konsa, si w eseye retire move kote a w ap retire bon kote a tou, menm jan w pa ka annik retire yon bò nan yon adoken.

 Natirèlman, gen kèk bagay yon moun gen lakay li ki pa gen bon kote. Pa egzanp, Bib la fè konnen gen kèk moun ki “gen tandans fè kòlè”. (Pwovèb 29:22.) Nan ka sa a, moun nan ta dwe fè tout posib li pou l retire “tout kalite rankin malveyan lakay [li] ansanm ak kòlè ak move san. [Li dwe] sispann rele sou moun, sispann joure moun”. a — Efezyen 4:31.

 Men, si se pa yon defo, se tou senpleman yon bagay ki deranje nou, nou dwe suiv konsèy Bib la bay la: “Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt.” — Kolosyen 3:13.

 Epitou, eseye wè bon kote nan aspè sa a lakay moun nan, petèt se sa menm ki te atire w lakay li. Men sa yon mesye marye ki rele Joseph di: “Lè w konsantre sou yon bagay ki deranje w lakay moun ou marye a se kòmsi w ta konsantre sou arebò yon dyaman ki file olye w gade jan dyaman an klere, jan l bèl.

 Yon gid pou ede n pale sou sijè a

 Toudabò, nou chak kapab reflechi sou kesyon sa yo poukont nou. Apre sa, pale sou repons nou yo ansanm.

  •   Èske moun ou marye avè l la gen yon bagay lakay li ou santi ki lakòz pwoblèm nan maryaj la? Si se wi, ki bagay sa a?

  •   Èske se yon defo vre oswa èske se jis yon bagay ki deranje w?

  •   Èske gen yon bon kote nan aspè sa a nan pèsonalite l? Si se wi, ki bon kote, e ki sa k fè w renmen aspè sa a?