Al gade sa k anndan l

Frè Kirill Gushchin ak Svetlana, madanm li.

9 MAS 2022
LARISI

Frè Kirill Gushchin jwenn fòs lefètke l priye pou frè ak sè l yo

Frè Kirill Gushchin jwenn fòs lefètke l priye pou frè ak sè l yo

Tribinal repiblik Kabadino-Balkaryan nan distri Mayiski gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Kirill Gushchin. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba li.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 20 me 2020

    Ajan FSB yo, ki te gen zam nan men yo ak kagoul, te antoure Kirill pandan li t ap kite kay li pou l al travay. Yo te minote l e yo te rantre avèk li lakay li. Yo te kenbe li menm ak Svetlana, madanm li, nan yon chanm nan kay la pandan yo t ap fouye kay la. Ajan FSB yo te mete piblikasyon yo entèdi nan chanm frè a ak madanm li, ak nan yon lòt chanm.

  2. 26 avril 2021

    Otorite yo te ouvri yon ankèt kriminèl kont Kirill sou baz temwayaj yon moun ki te anrejistre reyinyon yo an sekrè. Anketè a te akize Kirill paske li t ap chante e li t ap priye, e paske li t ap pale sou konsèy Bib la bay nan 1 Korentyen 13:8, kote li di: “Lanmou pa janm fayi.”

  3. 28 avril 2021

    Otorite yo lage akizasyon sou do Kirill. Yo ouvri yon ankèt kriminèl apa kont Svetlana ak kat lòt sè.

  4. 19 me 2021

    Yo akize youn nan ajan FSB ki te patisipe nan ankèt la paske li t ap fè presyon sou Temwen yo pou yo bay fo temwayaj. Anvan sa, yo te jwenn li koupab kòm moun k ap prepare fo prèv kont Temwen Jewova yo. Moun ki alatèt Depatman ankèt la te bay lòd pou yo tounen ka a bay komisè a pou yo mennen plis ankèt sou sa k te pase a.

  5. 7 jen 2021

    Otorite yo voye ka a devan tribinal distri Mayiski a.

Enfòmasyon pèsonèl

Menm jan ak Kirill, nou gen konfyans Jewova ap vin “yon refij” pou li, e pou tout frè ak sè nou yo k ap andire pèsekisyon nan Larisi ak nan Krime, pandan “moman difisil yo”. — Sòm 9:9, 10.