Al gade sa k anndan l

Manm fanmi Betèl yo k ap akeyi vizitè ki vin nan inogirasyon nouvo lokal filyal Ajantin nan

22 AVRIL 2024
AJANTIN

Inogirasyon lokal filyal Ajantin

Inogirasyon lokal filyal Ajantin

Frè Winder k ap bay diskou inogirasyon an

Jou ki te 6 avril 2024, te gen inogirasyon nouvo lokal filyal Ajantin nan. Se frè Jeffrey Winder, yon manm Kolèj santral, ki te fè diskou inogirasyon an. Te gen prèske 500 frè ak sè ki te rasanble nan twa oditoryòm ki nan nouvo lokal Betèl yo. Konsa tou, te gen 5 844 moun ki t ap suiv pwogram nan pa videyo konferans, yo te nan yon Sal asanble ki toupre vil Ezeiza. Nan demen, te gen yon reyinyon espesyal ki te fèt nan Sal asanble a e yo te transmèt li nan tout kongregasyon ki gen ann Ajantin ak ann Irigwe. Antou, te gen 181 643 moun.

Gen dispozisyon ki te pran pou fè tou lokal yo avèk vizitè yo, pou yo pase tan ansanm e pou yo patisipe nan lòt aktivite espesyal. Pami yo te gen plis pase 230 frè ak sè ki te soti nan 25 peyi. Gen yon frè k ap sèvi ann Ekwatè kounye a ki rele Sergio Spaccasassi, ki te patisipe nan konstriksyon nouvo filyal Ajantin nan. Men sa l di anrapò ak tout frè ak sè ki soti nan anpil peyi pou vin nan inogirasyon an: “Jewova sèvi ak okazyon espesyal konsa pou l fè nou vin pi pwòch youn ak lòt, kòm moun k ap adore Jewova antanke yon sèl fanmi.”

Men sa yon frè ki manm komite filyal Ajantin ki rele Juan Carlos Nigro di: “Nou wè jan Jewova dirije chak etap nan pwojè sa a e jan l beni l. Se li menm ki ban nou bèl kote sa a pou glwa non l.”

Frè ak sè k ap asiste pwogram nan nan oditoryòm nouvo lokal Betèl yo ki nan vil Bwenozè

Nou mete ansanm ak frè ak sè ann Ajantin yo pou nou remèsye Jewova pou nouvo lokal Betèl yo, li menm ki Sila a ki “fè tout bagay bèl nan lè yo.” — Eklezyas 3:11.