Al gade sa k anndan l

24 AVRIL 2024
AFRIK DISID

Plizyè milye Temwen Jewova preche moun ki pale kosa ann Afrik disid mesaj espwa ki nan Bib la

Plizyè milye Temwen Jewova preche moun ki pale kosa ann Afrik disid mesaj espwa ki nan Bib la

Soti 29 janvye pou rive 11 mas 2024, plis pase 11 000 frè ak sè ki soti toupatou ann Afrik disid t al patisipe nan yon kanpay predikasyon nan lang kosa ki te fèt nan yon pwovens ki nan sid peyi a. Gen sèt milyon moun k ap viv nan pwovens sa a e majorite ladan yo pale kosa. Pandan kanpay lan, gen plis pase 2 700 moun ki mande etid.

Pandan kanpay lan, gen de sè ki te rankontre yon fi ki gen sèlman de semèn depi l pèdi frè l nan yon aksidan terib. Se ak dlo nan je li t ap pale ak sè yo de lanmò a. Sè yo te li pou li Revelasyon 21:3, 4 pou rekonfòte l. Fi a te vle konn plis bagay sou jan Bondye pral fè lanmò ak soufrans pa egziste ankò. Li te mande ki lè e ki kote yo fè reyinyon. Yo kòmanse yon etid biblik avè l.

Gen yon sè ki rele Zukiswa ki t al preche yon fi ki gen atrit ki ba l anpil doulè. Sa fè li difisil pou l fè manje pou pitit li. Sa te ba l pwoblèm lè l wè pitit li yo pa t ap jwenn anyen pou yo manje nan jou sa a, paske li te twò fèb pou l al brase pat pou l fè pen. Zukiswa te ofri l pou l brase pat la pou li pandan lòt sè a t ap preche l. Fi a te tèlman sezi pou sa sè yo fè pou li a, li mache di zanmi l sa. Sa pa t pran tan pou l etidye Labib ak Temwen yo.

Gen de frè, pandan yo t ap preche nan vil Gqeberha, ki t al pale ak yon mesye ki pèdi yon pye. Mesye a di sa gen lontan depi l ap mande tèt li poukisa Bondye kite se Satan k ap dirije monn nan, piske se Bondye ki fè limanite (1 Jan 5:19). Frè yo montre l sa Bib la di sou sa. Nan menm jou a, mesye a ak madanm li te gade videyo ki gen tit Poukisa Bondye pèmèt soufrans? lan, sa fè yo te toule de te byen kontan aksepte yon etid biblik.

Gen yon sè ki t ap preche nan menm vil Gqeberha a, ki te mande yon fi si l ta renmen li Sòm 37:29. Fi a li vèsè a nan pwòp Bib pa l, men li pa t ka konprann sa li li a. Apre sa, sè a li menm vèsè a pou li nan Tradiksyon monn nouvo a nan lang kosa. Lè sa a fi a di : “Jan lang kosa a ye nan Bib sa a sonnen byen. Mwen konprann li pi byen pase Bib mwen an!” L ap etidye Labib kounye a.

Nou byen kontan wè jan anpil moun ki pale kosa toupatou ann Afrik disid aksepte mesaj espwa “Bondye tout konsolasyon an” bay. — 2 Korentyen 1:3.