Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Hulda reyalize objektif li te genyen an

Hulda reyalize objektif li te genyen an

SI W te vizite ti zile ki rele Sangi Beza a nan Endonezi sa gen kèk ane, petèt ou te wè twa nan sè nou yo sou plaj la. Yo byen konnen sè sa yo sou zile a paske yo preche e yo ede moun konprann Bib la. Men, fwa sa a, yo t ap fè yon lòt aktivite.

Zile Sangi Beza nan nò Endonezi.

Toudabò, yo t al pran yon seri gwo wòch nan lanmè a e yo te pote yo sou plaj la. Kèk nan wòch yo te menm gwosè ak yon balon foutbòl. Apre sa, medam yo te chita sou yon ti ban an bwa e yo te sèvi ak mato pou kase wòch yo pi piti pase yon ze poul. Annapre, yo te mete wòch yo fin kase yo nan bokit plastik e yo te monte yon eskalye ak yo pou yo t al kote yo te abite a. Epi, yo te met wòch yo nan gwo sak ki te ka al nan kamyon e moun te konn sèvi ak yo pou fè wout.

Hulda k ap rasanble wòch sou plaj la.

Youn nan sè sa yo rele Hulda. Sitiyasyon l te pèmèt li fè plis tan ap fè travay sa a pase lòt sè yo. Nòmalman, li te konn sèvi ak lajan li fè a pou l pran swen fanmi l chak jou. Men, li te vin gen yon lòt objektif tou. Li te vle achte yon tablèt pou l te ka al sou JW Library®. Hulda te konnen videyo yo ak lòt enfòmasyon ki nan aplikasyon sa a t ap ka ede l pou l preche lòt moun e pou l chèche konprann Bib la.

Hulda te konn fè dezèdtan ap kase wòch chak maten pandan yon mwa edmi, e li te rive plen yon ti kamyon. Finalman, li te vin gen ase kòb pou l achte tablèt la.

Hulda ki avèk tablèt li.

Men sa Hulda di: “Menm lè m te konn fatige anpil e m te konn gen doulè nan kase wòch, m te bliye tout doulè sa yo byen vit lè m te vin ap sèvi ak tablèt tounèf sa a pou m te ka vin pi maton nan travay fè disip la e pou m te ka prepare reyinyon yo pi fasil.” Li di tou, tablèt la te ede l lè pandemi an te fèk kòmanse, piske se sou videyo konferans yo te konn fè tout aktivite kongregasyon an. Nou kontan Hulda rive reyalize objektif li te genyen an.