Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KÈK IDE SOU SA W KA ETIDYE

Lè w pran san w pou w etidye, sa ap ede w ret vijilan

Lè w pran san w pou w etidye, sa ap ede w ret vijilan

Li Dànyèl 9:​1-19 pou w wè poukisa l enpòtan pou w pran san w lè w ap etidye.

Egzamine kontèks la. Ki evènman ki te fèk rive, e ki efè sa te gen sou Dànyèl (Dàn. 5:29–6:5)? Ki jan w t ap santi w si w te nan plas Dànyèl?

Fouye plis. Ki “woulo ki sakre” sanble Dànyèl te egzamine (Dàn. 9:​2, nòt; w23.08 4 § 7)? Poukisa Dànyèl te konfese peche pa l ak peche nasyon Izrayèl la (Lev. 26:​39-42; 1 Wa 8:​46-50; dp-F 182-184)? Kòman priyè Dànyèl te fè a montre li te konn pran san l pou l etidye Pawòl Bondye a? — Dàn. 9:​11-13.

Reflechi sou sa w aprann yo. Mande tèt ou:

  • ‘Ki sa m ka fè pou m pa kite evènman k ap pase nan monn nan chaje tèt mwen?’ (Miche 7:7).

  • ‘Lè m pran san m pou m etidye Pawòl Bondye a, jan Dànyèl te konn fè sa, ki jan sa ap ede m?’ (w04 1/8 21 §17).

  • ‘Ki sa m ka etidye pèsonèlman k ap ede m “kontinye veye”?’ (Mat. 24:​42, 44; w12 15/8 5 § 7-8).