Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen

Èske w te konnen

Ki jan brik yo jwenn nan dekonm ansyen vil Babilòn ak fason brik sa yo te fèt montre sa Bib la di egzak?

GEN akeyològ ki te detere yon pakèt brik nan ansyen vil Babilòn yo te itilize pou konstwi vil la. Selon yon akeyològ ki rele Robert Koldewey, yo te konn fè brik sa yo nan fou ki te ‘pa deyò vil la, kote ki te gen bon ajil ak anpil bwa pou kuit yo’.

Akeyològ yo te jwenn prèv ki montre otorite nan Babilòn yo te konn sèvi ak fou sa yo tou pou yo te fè yon bagay terib. Men sa pwofesè Paul-Alain Beaulieu, yon espè nan istwa ak nan lang Asiri tan lontan an k ap anseye nan Inivèsite Towonto, di: “Plizyè dokiman babilónyen [...] fè konnen wa a te konn bay lòd pou yo boule moun ki te fè rebelyon e ki pa t respekte bagay sakre.” Men sa yon fraz yo jwenn nan yon tèks ki la depi sou wa Nebikadneza di: “Detwi yo, boule yo, griye yo, [...] nan fou [...] fè yo fè gwo lafimen, voye yo nan gwo flanm dife a pou touye yo.”

Pawòl sa yo fè moun ki konn li Labib sonje evènman ki te pase nou jwenn nan Dànyèl chapit 3 a. Selon istwa sa a, wa Nebikadneza te fè yo mete yon gwo estati annò kanpe nan plèn Doura, pa deyò vil Babilòn. Lè twa jèn Ebre yo te rele Chadrak, Mechak ak Abèdnego te refize lage kò yo fas atè devan estati a, Nebikadneza te vin an kòlè anpil, e li te bay lòd pou yo te chofe yon founèz “sèt fwa pi cho pase jan l konn ye”, e li te fè “lage [twa mesye yo] nan founèz dife a ki te byen limen”. Yon zanj ki pisan te sove lavi yo. — Dàn. 3:1-6, 19-28.

© The Trustees of the British Museum. Licensed under CC BY-NC-SA 4.0. Source

Yon brik ki gen non Nebikadneza grave sou li.

Epitou, brik yo te jwenn nan vil Babilòn yo montre sa Bib la di egzak. Anpil nan brik sa yo gen pawòl ki ekri sou yo ki montre lwanj yo te konn fè pou wa a. Youn nan tèks sa yo di: “Nebikadneza, wa Babilòn [...]. Palè, mwen menm Gran Wa a bati a [...]. Se pou desandan m yo gouvène ladan l pou toutan.” Tèks sa a sanble anpil ak pawòl nou jwenn nan Dànyèl 4:30 lan, kote Nebikadneza t ap vante tèt li lè l te di: “Èske sa a se pa gran Babilòn mwen fè a, yon kote pou wa rete, yon vil mwen bati ak fòs mwen ak pouvwa m, pou m ka fè wè glwa mwen genyen ak grandè m?”