Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

YON MONN TÈT ANBA

2 | Pwoteje lajan w ak sa w posede

2 | Pwoteje lajan w ak sa w posede

POUKISA SA ENPÒTAN?

Anpil moun ap debat chak jou jis pou yo jwenn sa ki nesesè nan lavi a. Malerezman, tètchaje ki nan monn nan ka fè difikilte sa yo vin pi rèd toujou. Ki sa k fè sa?

  • Lè gen tètchaje nan yon zòn, sa fè lavi a vin pi chè, sa gen ladan l manje ak kay.

  • Kriz yo konn ogmante chomaj e yo redui salè moun yo.

  • Katastwòf yo ka andomaje oswa yo ka detwi biznis moun yo, kay yo oswa lòt bagay yo posede, sa ki ka lakòz yo tonbe nan mizè.

Sa w ta dwe konnen

  • Plis ou byen jere lajan w, se plis w ap ka reziste pandan yon kriz.

  • Sekirite nan domèn finansye pap toujou la; lajan w fè, lajan w ekonomize ak sa w posede ka pèdi valè yo.

  • Gen bagay lajan pa ka achte, tankou kè kontan ak inite nan fanmi.

Sa w ka fè kounye a

Men sa Bib la di: “Si nou gen manje ak rad, n ap kontante nou ak bagay sa yo.” — 1 Timote 6:8.

Lè nou kontante nou, nou limite anvi nou genyen yo e nou satisfè lè nou jwenn sa nou bezwen pou jounen an. Sa sitou enpòtan lè nou gen mwens lajan.

Pou nou kontante nou, nou ka bezwen ajiste fason n ap viv. Si n ap eseye achte sa nou pa ka posede, se jis pi mal sitiyasyon nou ap vin pi mal nan domèn finansye.