Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ENDONEZI

Nou pa t fè konpwomi ak lafwa nou

Daniel Lokollo

Nou pa t fè konpwomi ak lafwa nou
  • NESANS: 1965

  • BATÈM: 1986

  • PWOFIL: Yon pyonye espesyal ki te rete fèm anba pèsekisyon.

JOU ki te 14 avril 1989 la, m t ap kondui yon reyinyon nan Maumere, sou zile Florès, lè kèk ajan gouvènman an te parèt nan kay la e yo te arete m ak twa lòt frè.

Gad prizon nan zòn nan te eseye fòse n salye drapo. Piske n te refize, yo te bat nou, yo te ban n kout pye e yo te fè n fè senk jou kanpe anba solèy cho a. Leswa, nou te konn ap tranble pandan nou kouche sou siman byen di nan ti chanm prizon nou te ye a, nou te tou sal, nou te bouke e maleng yo t ap fè n mal. Pandan plizyè fwa, direktè prizon an te mande n fè konpwomi, men, nou te reponn: “Jiskaske n mouri, nou pap salye drapo.” Menm jan ak anpil kretyen anvan nou, nou te santi se yon privilèj pou n “soufri pou sa ki jis”. — 1 Pyè 3:14.