Al gade sa k anndan l

Èske soufrans ap janm fini?

Èske soufrans ap janm fini?

Èske w t ap di...

  • wi?

  • non?

  • petèt?

MEN SA BIB LA DI

“[Bondye] gen pou l cheche tout dlo nan je yo. P’ap gen lanmò ankò, yo p’ap nan lapenn ankò, yo p’ap janm plenyen ankò, yo p’ap janm soufri ankò.” — Revelasyon 21:3, 4, Bib la.

BYENFÈ SA KA POTE POU OU

W ap gen asirans se pa Bondye ki lakòz pwoblèm nou genyen yo. — Jak 1:13.

W ap jwenn konsolasyon paske w konnen Bondye konprann soufrans ou. — Zakari 2:8.

W ap gen espwa tout soufrans pral fini. — Sòm 37:9-11.

ÈSKE NOU KA KWÈ NAN SA BIB LA DI YO TOUTBONVRE?

Wi, pou omwen de rezon:

  • Bondye rayi soufrans ak enjistis. Annou reflechi sou fason Jewova Dye te santi l lè yo t ap fè pèp li a pase anpil mizè nan tan lontan. Bib la di li te gen lapenn akoz moun “ki t ap maltrete yo”. — Jij 2:18, Tradiksyon monn nouvo a.

    Bondye pa kontan ditou lè l wè moun ap maltrete moun parèy yo. Pa egzanp, Bib la di li pa vle wè “moun k ap fè san inosan koule”. — Pwovèb 6:16, 17.

  • Bondye gen sousi pou nou chak. Se vre “chak moun [...] konnen pwoblèm pa l ak doulè pa l”, men, Jewova li menm tou konnen sa chak moun ap pase. — 2 Kwonik 6:29, 30.

    Talè konsa, Jewova pral retire soufrans chak moun grasa Wayòm li an (Matye 6:9, 10). Annatandan, li demontre konpasyon pou moun k ap chèche l ak tout kè yo e li konsole yo. — Travay 17:27; 2 Korentyen 1:3, 4.

FÈ YON TI REFLECHI

Poukisa Bondye pèmèt soufrans?

Bib la reponn kesyon sa a nan WOMEN 5:12 ak 2 PYÈ 3:9.