Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwogram lekti Labib

Pwogram lekti Labib

Bib la bay pi bon konsèy ki genyen sou fason pou nou viv. Si w li l e w medite sou li, epi w aplike sa w aprann yo, “tout sa w ap fè ap reyisi”. (Jozye 1:8; Sòm 1:1-3.) Mete sou sa, w ap aprann konnen Bondye ak Jezi, Pitit Gason l lan, e konesans sa a ap pèmèt ou sove. — Jan 17:3.

Nan ki lòd ou ta dwe li Bib la? Gen plizyè fason w ka fè sa. Pwogram lekti Labib sa a kapab ede w li Bib la nan lòd li parèt la, oubyen li l pa sijè. Pa egzanp, ou ka chwazi kèk pòsyon pou w gen yon ide sou fason Bondye te aji ak pèp Izrayèl la nan tan lontan. Ou ka chwazi kèk lòt pòsyon pou w konnen kòman kongregasyon kretyen nan premye syèk la te fòme ak fason l te grandi. Si w li kèk chapit nan Bib la chak jou, w ap fin li l nan ennan.

Kit w ap chèche yon pwogram pou ede w li Bib la chak jou, oubyen yon pwogram pou ede w li l nan yon ane, oubyen yon pwogram pou ede w kòmanse li Bib la, pwogram lekti Labib sa a kapab ede w. Telechaje Pwogram lekti Labib ou ka enprime a epi kòmanse jodi a.