Al gade sa k anndan l

Enstriksyon jeneral sou fason pou reyinyon

Enstriksyon jeneral sou fason pou reyinyon

Lis sijè yo

1. Enstriksyon ki nan dokiman sa a ap ede tout moun ki gen yon patisipasyon nan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a. Moun ki gen patisipasyon yo dwe gade enstriksyon ki nan Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri a ansanm ak dokiman sa a anvan yo prepare patisipasyon yo. Nou envite tout pwoklamatè yo pou yo rann tèt yo disponib pou yo fè patisipasyon elèv yo. Gen lòt moun ki patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an ki ka patisipe tou si yo dakò ak ansèyman ki nan Bib la e si lavi yo ann amoni ak prensip kretyen yo. Siveyan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a dwe pale sou kondisyon pou moun enskri nan pwogram reyinyon an ak nenpòt moun ki poko pwoklamatè ki ta renmen enskri nan pwogram nan, epi fè l konnen si l kalifye. Li dwe fè sa an prezans moun k ap fè etid avè l la (oswa an prezans yon paran ki kretyen). Kondisyon sa yo valab tou pou yon moun vin pwoklamatè ki poko batize. — od chap. 8 § 8.

 PAWÒL ENTWODIKSYON

2. Yon minit. Chak semèn, apre nou fin chante yon kantik e nou fin fè yon priyè pou kòmanse reyinyon Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen an, frè k ap prezide reyinyon an ap eveye enterè moun yo pou pwogram ki pral dewoule a. Li dwe konsantre l sou pwen k ap pi pwofitab pou kongregasyon an.

  TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

 3Diskou: Dis minit. Yo bay tèm nan aktout yon plan ki gen de oswa twa pwen prensipal nan Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a. Se yon ansyen oswa yon sèvitè ministeryèl kalifye yo dwe bay fè diskou sa a. Nan pwogram nan, lè y ap pale sou yon nouvo liv nan Bib la nan pòsyon Labib n ap li pou semèn nan, y ap pase yon videyo pou entwodui liv sa a. Oratè a ka pale sou relasyon videyo a genyen ak tèm nan. Sepandan, li dwe asire l li pale sou pwen yo bay nan pwogram nan. Anplis de sa, depi gen tan pou sa, li dwe byen sèvi ak foto yo, paske yo te mete yo pou yo konplete materyèl y ap egzamine a. Li ka itilize lòt referans toujou, depi yo ede l devlope pwen ki nan plan an.

 4Trezò espirityèl: Dis minit. Se yon patisipasyon kesyon ak repons k ap fèt san entwodiksyon, san konklizyon. Se yon ansyen oswa yon sèvitè ministeryèl kalifye ki pou fè l. Li dwe poze moun nan asistans lan toule de kesyon yo. Epitou, se li k ap detèmine si li nesesè oswa si l pa nesesè pou l fè li vèsè yo site yo. Moun k ap fè kòmantè yo dwe fè kòmantè ki dire 30 segonn oswa mwens.

 5Lekti Labib: Kat minit. Se yon gason pou yo bay asiyasyon elèv sa a. Elèv la dwe li pòsyon yo ba l li a, san l pa fè ni entwodiksyon ni konklizyon. Frè k ap prezide reyinyon an ap veye espesyalman pou l ede elèv yo li yon fason ki egzak, yon fason pou moun konprann e yon fason ki swa. L ap ede yo mete aksan kote yo dwe mete l, fè varyasyon nan son vwa yo, fè poz ki apwopriye epi pale yon fason ki natirèl. Piske gen kèk asiyasyon lekti Labib ki pi kout pandan gen kèk lòt ki pi long, siveyan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a dwe reflechi ak kapasite elèv yo lè l ap bay asiyasyon sa yo.

 BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

6. Kenz minit. Pati sa a nan reyinyon an la pou l bay tout moun posiblite pou yo prepare yo pou travay predikasyon an e pou yo amelyore kapasite yo genyen pou yo fè konvèsasyon ak kapasite pou yo preche e pou yo anseye. Depi sa nesesè, yo kapab bay ansyen yo asiyasyon antanke elèv. Chak elèv dwe travay pwen ki nan bwochi Ansèyman an oswa bwochi Renmen moun nan ki ant parantèz bò kot asiyasyon ki nan pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a. Pafwa, nan pwogram nan, ap gen yon pati pou elèv yo fè yon konvèsasyon. Patisipasyon sa a, se yon ansyen oswa yon sèvitè ministeryèl ki kalifye yo dwe bay fè l. — Gade  paragraf 15 pou n ka konn ki jan pou n fè konvèsasyon an.

 7Fason pou w kòmanse yon konvèsasyon: Yo ka bay yon frè oswa yon sè asiyasyon elèv sa a. Moun k ap fè patisipasyon an ak elèv la dwe gen menm sèks oswa li dwe yon manm fanmi l. Elèv la ak moun k ap fè patisipasyon an avè l la ka chita oswa yo ka kanpe. — Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sijè ak kad ou ka itilize pou patisipasyon sa a, gade  paragraf 12 ak  13.

 8Pousuiv enterè moun yo: Yo ka bay yon frè oswa yon sè asiyasyon elèv sa a. Toule de moun k ap fè patisipasyon sa a dwe gen menm sèks (km-F 5 97 p. 2). Elèv la ak moun k ap fè patisipasyon an avè l la ka chita oswa yo ka kanpe. Nan demonstrasyon an, elèv la dwe montre ki sa pou n di lè nou retounen vizite yon moun pou n kontinye yon konvèsasyon. — Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sijè ak kad ou ka itilize pou patisipasyon sa a, gade  paragraf 12 ak  13.

 9Fason pou w fè disip: Yo ka bay yon frè oswa yon sè asiyasyon elèv sa a. Toule moun k ap fè patisipasyon sa a dwe gen menm sèks (km-F 5 97 p. 2). Elèv la ak moun k ap fè patisipasyon an avè l la ka chita oswa yo ka kanpe. Se yon demonstrasyon sou yon pati nan yon etid biblik ki te deja kòmanse. Pa bezwen gen entwodiksyon oswa konklizyon amwenske se sou youn nan pwen sa yo menm elèv la ap travay. Li pa nesesè pou yo li tout pòsyon yo asiyen yo a awotvwa, men yo ka fè sa.

 10Esplike kwayans ou: Lè patisipasyon sa a se yon diskou, se yon gason ki dwe fè l. Lè se yon demonstrasyon, yo ka bay yon frè oswa yon sè fè l. Moun k ap fè patisipasyon an ak elèv la dwe gen menm sèks oswa li dwe yon manm fanmi l. Elèv la dwe bay yon repons ki klè pou kesyon yo poze a ki baze sou enfòmasyon ki nan referans yo ba li a, e li dwe montre li gen konsiderasyon pou lòt moun. Elèv ka deside site piblikasyon yo ba li kòm referans pou patisipasyon l lan si l vle.

 11Diskou: Se yon frè y ap bay asiyasyon sa a ki se yon diskou l ap fè pou kongregasyon an. Lè diskou a baze sou yon pwen ki nan Apendis A bwochi Renmen moun nan, elèv la dwe met aksan sou fason nou ka itilize vèsè a oswa vèsè yo nan travay predikasyon an. Pa egzanp, li ka esplike ki lè yo ka itilize yon vèsè, sans vèsè a, ak fason nou ka rezone sou vèsè a ak yon moun. Lè diskou a baze sou yon pwen ki soti nan youn nan leson ki nan bwochi Renmen moun nan, elèv la dwe met aksan sou fason pou n aplike pwen an nan travay predikasyon an. Li ka montre egzanp ki nan pwen 1 leson an, oubyen pale sou nenpòt nan lòt vèsè ki nan leson an, si sa nesesè.

   12Sijè: Enfòmasyon ki nan paragraf sa a ak paragraf ki vin apre a se pou asiyasyon ki gen rapò ak patisipasyon ki gen tit “Fason pou w kòmanse yon konvèsasyon” ak “Pousuiv enterè moun yo”. Si elèv la pa t resevwa lòt enstriksyon, li dwe gen objektif pou l pataje yon verite biblik tou senp ki enterese moun l ap pale avè l la, epi poze baz pou yon lòt konvèsasyon. Elèv la dwe chwazi yon sijè ki enterese moun nan zòn l ap preche a. Se li k ap deside si l ap prezante yon piblikasyon oswa yon videyo ki nan Bwat zouti pou anseye a. Olye elèv yo fè yon prezantasyon yo aprann pakè, yo dwe chèche amelyore kapasite yo genyen pou yo fè konvèsasyon, tankou pale yon fason ki natirèl, yon fason ki montre yo enterese nan moun.

   13Kad: Elèv la dwe travay kad yo ba li yon fason ki mache ak zòn li an. Pa egzanp:

  1.  1) Kay an kay: Kad sa a gen ladan l preche pòt an pòt, kit se an pèsòn, nan telefòn, oswa pa mwayen lèt, epi pousuiv enterè moun nan te montre dènye fwa nou te pale avè l lè n t ap preche kay an kay.

  2.  2) Temwayaj enfòmèl: Kad sa a se lè nou pwofite okazyon kote nou gen konvèsasyon nòmal ak moun yo pou n ba yo temwayaj. Sa ka gen ladan l pataje yon panse nan Bib la ak moun nan travay ou, nan lekòl, nan vwazinaj ou, nan transpò piblik, oswa lòt kote pandan w ap mennen aktivite w.

  3.  3) Temwayaj piblik: Kad sa a gen ladan l bay temwayaj ak charyo, al preche nan zòn ki gen biznis, bay temwayaj nan lari, oswa sou plas piblik, nan pakin, oswa nenpòt kote nou ka jwenn moun.

 14Fason pou w itilize videyo yo ak piblikasyon yo: Selon sitiyasyon an, elèv la ka chwazi prezante yon videyo oswa yon piblikasyon. Si yon patisipasyon elèv gen yon videyo ladan l, oubyen elèv la chwazi prezante yon videyo, li dwe entwodui videyo a, fè yon ti pale sou li, men li pa bezwen pase l.

  LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

15. Apre nou fin chante yon kantik, nan 15 minit ki vin apre yo, y ap fè youn oswa de patisipasyon pou ede asistans lan aplike Pawòl Bondye a. Si yo pa bay yon lòt enstriksyon, se ansyen yo oswa sèvitè ministeryèl kalifye yo yo ka bay fè patisipasyon sa a oswa patisipasyon sa yo. Men, se ansyen yo ki dwe fè bezwen kongregasyon yo. Lè yon patisipasyon se yon konvèsasyon, oratè a kapab poze lòt kesyon anplis de kesyon ki nan patisipasyon an. Li dwe fè yon entwodiksyon ki tou kout pou l kite ase tan pou l ka pale sou pwen prensipal yo e pou moun nan oditwa a ka fè kòmantè. Si yo mande yon moun pou l fè yon entèvyou, depi sa posib, l ap pi bon pou moun y ap entèvyouwe a monte sou lestrad la pou l pale olye l ret chita nan plas li.

  16Etid biblik kongregasyon an: Trant minit. Se yon ansyen kalifye yo dwe bay fè l. (Kongregasyon ki pa gen anpil ansyen ka sèvi ak sèvitè ministeryèl ki kalifye si sa nesesè.) Gwoup ansyen an dwe chèche konnen kiyès ki kalifye pou kondui Etid biblik kongregasyon an. Moun yo apwouve yo dwe byen dirije etid la, yo dwe fini alè, yo dwe mete aksan sou vèsè kle yo, e yo dwe ede tout moun pou yo apresye fason pwen ki nan etid la ap itil yo nan lavi yo. L ap bon pou yo revize enstriksyon ki montre fason pou yo dirije patisipasyon ki gen kesyon ak repons (w23.04 p. 24, kare). Apre kondiktè a fin egzamine tout pati yo te pwograme pou semèn nan nèt, li pa nesesè pou l pwolonje etid la. Depi sa posib, chak semèn, l ap bon pou yo varye kondiktè a ak lektè a. Si moun k ap prezide reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a mande pou yo redui nan tan etid la, lè sa a, se kondiktè etid biblik la k ap deside ki jan li pral fè sa. Li ka chwazi ki paragraf li pap fè lektè a li.

  PAWÒL KONKLIZYON

17. Twa minit. Frè k ap prezide reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a ap fè yon revizyon byen presi sou kèk pwen pratik nou te egzamine nan reyinyon an. Epitou, l ap bay yon apèsi sou sa n pral egzamine nan semèn k ap vini an. Li ka site non elèv k ap gen pou fè patisipasyon nan semèn k ap vini an, si l gen tan pou sa. Si yo pa bay lòt enstriksyon, se prezidan an ki ta dwe li nenpòt anons ki nesesè oswa nenpòt lèt ki nesesè pou kongregasyon an nan pawòl konklizyon l yo. Sou estrad la, li pap bay enfòmasyon tankou dispozisyon pou predikasyon oswa pwogram netwayaj. Y ap mete enfòmasyon sa yo sou tablo enfòmasyon an. Si l pap ka fè yon anons oswa li pap ka li yon lèt nan tan ki pou pawòl konklizyon yo, li ta dwe mande frè k ap fè patisipasyon ki nan pati Lavi nou antanke kretyen an pou yo redui nan tan patisipasyon yo a, nan mezi sa nesesè (gade  paragraf 16 ak  19. Y ap chante yon kantik e y ap fè yon priyè pou fini reyinyon an.

  FELISITASYON AK KONSÈY

18. Apre chak asiyasyon elèv yo, frè k ap prezide reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a gen apeprè yon minit pou l bay felisitasyon ak konsèy ki baze sou pwen y ap travay la. Lè l ap entwodui asiyasyon yon elèv, li pap anonse sou ki pwen elèv la ap travay. Men, apre asiyasyon an, epi apre prezidan an fin felisite l, li ka fè konnen sou ki pwen elèv la t ap travay e li ka di sa k fè elèv la byen travay pwen sa a, oswa avèk jantiyès, li ka esplike poukisa e ki jan pou elèv la bay pwen sa a plis atansyon. Epitou, li ka atire atansyon sou lòt aspè nan patisipasyon an si l santi sa ap pwofitab pou elèv la oswa asistans lan. Selon bezwen chak elèv, li ka ba yo lòt konsèy ki pozitif ki baze sou bwochi Renmen moun nan, bwochi Ansèyman an oswa liv Lekòl ministè a an prive apre reyinyon an oswa yon lòt lè, swa nan leson yo te ba l travay la, swa sou yon lòt leson. — Gade  paragraf 19,  24, ak  25 pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou wòl prezidan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a ak wòl konseye adjwen an.

     TAN

19Okenn patisipasyon pa dwe depase tan yo prevwa pou li a, ni remak frè k ap prezide reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a. Byenke pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a bay yon kantite tan pou chak patisipasyon, li pa nesesè pou nou pwolonje yon patisipasyon si nou rive byen egzamine pwen ki ladan l yo nan mwens pase tan nou te genyen pou n fè l la. Si patisipasyon an depase tan yo te prevwa pou li a, moun k ap prezide reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a oswa konseye adjwen an dwe bay moun ki fè patisipasyon an konsèy an prive. (Gade  paragraf 24 ak  25.) Antou, reyinyon an dwe dire 1 èdtan 45 minit, kantik yo ak priyè yo nan tan sa a.

 VIZIT SIVEYAN SIKONSKRIPSYON

20. Lè kongregasyon an gen vizit siveyan sikonskripsyon, pwogram nan dwe dewoule jan yo mande pou sa fèt nan dokiman Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a, men sèlman, yo pap fè Etid biblik kongregasyon an ki nan pati Lavi nou antanke kretyen an. Nan plas Etid biblik kongregasyon an, siveyan sikonskripsyon an ap fè yon diskou sèvis pito k ap dire 30 minit. Anvan diskou sèvis sa a, frè k ap prezide reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a ap fè revizyon pwogram nan, l ap bay apèsi sou pwogram pou semèn k ap vini an, l ap fè anons ki nesesè yo, l ap li lèt ki nesesè yo epi l ap entwodui siveyan sikonskripsyon an. Lè siveyan sikonskripsyon an fin fè diskou sèvis la, l ap fini reyinyon an ak yon kantik li chwazi. Li ka envite yon lòt frè pou l fè priyè final la. Pandan vizit siveyan sikonskripsyon an, pap gen okenn patisipasyon elèv nan lòt klas nan lang kongregasyon an. Yon gwoup ka toujou fè reyinyon l yo menm lè siveyan sikonskripsyon an ap vizite kongregasyon gwoup la depann de li a. Men, lè siveyan sikonskripsyon an ap fè diskou sèvis li yo gwoup la dwe reyini ansanm ak kongregasyon an pou l suiv diskou yo.

 SEMÈN ASANBLE SIKONSKRIPSYON OSWA KONGRÈ REJYONAL

21. Nan semèn kongregasyon an gen asanble sikonskripsyon oswa kongrè rejyonal, yo pap fè reyinyon kongregasyon an. Yo dwe raple kongregasyon pou yo egzamine enfòmasyon yo bay nan pwogram pou semèn nan poukont yo oswa an fanmi.

 SEMÈN MEMORYAL LA

22. Lè Memoryal la tonbe nan yon jou nan semèn nan, yo pap pwograme reyinyon Lavi nou ak travay nou fè pou semèn sa a.

 SIVEYAN REYINYON LAVI NOU AK TRAVAY NOU FÈ A

23. Gwoup ansyen an ap chwazi youn nan ansyen yo pou sèvi kòm siveyan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a. Se li menm ki dwe asire l reyinyon sa a byen òganize e li fèt ann amoni ak enstriksyon sa yo. Li dwe toujou gen bon kominikasyon ak konseye adjwen an. Kou nou resevwa Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a, siveyan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a ap prepare asiyasyon elèv yo pou peryòd de mwa a. Sa gen ladan l asiyasyon moun ki pa elèv yo, moun k ap prezide a ak asiyasyon elèv yo, l ap chwazi moun sa yo pami moun gwoup ansyen an apwouve yo. (Gade  paragraf 3-16 ak  24.).) Lè l ap bay yon elèv asiyasyon, li dwe panse ak laj elèv la, eksperyans li, e l ap gade si elèv yo alèz pou l pale sou sijè a. L ap fè menm jan an lè l ap asiyen lòt pati nan reyinyon an. Yo dwe distribye fich Asiyasyon sa yo bay chak elèv omwen twa semèn anvan yo fè patisipasyon an.Yo dwe sèvi ak fich Asiyasyon pou reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a (S-89) pou yo fè sa. Frè ki siveyan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a dwe asire l gen yon kopi asiyasyon pou tout semèn nan ki afiche sou tablo enfòmasyon an. Gwoup ansyen an ka chwazi yon lòt ansyen oswa yon sèvitè ministeryèl pou ede siveyan reyinyon Lavi nou an. Sepandan, se sèlman ansyen yo k ap asiyen moun ki pou fè patisipasyon ki pa pou elèv yo.

    FRÈ K AP PREZIDE REYINYON LAVI NOU AK TRAVAY NOU FÈ A

24. Chak semèn, yon ansyen ap prezide reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a nan tan ki asiyen pou reyinyon an. (Kote ki pa gen ase ansyen, yo ka chwazi sèvitè ministeryèl ki kalifye pou prezide reyinyon an.) Se li k ap prepare pawòl entwodiksyon ak pawòl konklizyon yo. L ap entwodui tout patisipasyon nan reyinyon an tou e selon kantite frè ki gen nan gwoup ansyen an, frè sa a ka gen responsablite pou l fè lòt patisipasyon nan reyinyon an, sitou patisipasyon kote se jis yon videyo nou dwe pase, san pap gen konvèsasyon sou li. Kòmantè l ap fè apre chak patisipasyon dwe trè kout. Gwoup ansyen an ap deside ki ansyen ki kalifye pou jwe wòl sa a. Y ap bay ansyen ki kalifye yo asiyasyon pou yo prezide reyinyon an sou baz yon pwogram ki fèt pa woulman. Selon sitiyasyon lokal yo, yo ka bay frè ki siveyan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a prezide reyinyon an pi souvan pase lòt ansyen kalifye yo. Si yon ansyen kalifye pou l kondui Etid biblik kongregasyon an, petèt li kalifye tou pou l prezide reyinyon an. Sepandan, silvouplè, sonje ansyen ki kalifye pou prezide reyinyon yo ap gen pou yo bay elèv yo bonjan felisitasyon, e si sa nesesè, yo ka bay kèk konsèy avèk lanmou. Anplis de sa, frè k ap prezide reyinyon an ap veye pou reyinyon an fini alè. (Gade  paragraf 17 ak  19.) Si frè k ap prezide a vle e si l gen ase espas pou sa, yo ka mete yon mikwo pou li pou l ka entwodui chak patisipasyon pandan frè ki pral fè patisipasyon an ap pran plas li sou estrad la. Konsa tou, frè k ap prezide a ka vle chita devan yon tab pandan y ap fè lekti Labib la ak patisipasyon ki nan pòsyon Byen prepare w pou travay predikasyon an. Sa ka fè l pèdi mwens tan.

   KONSEYE ADJWEN AN

25. Depi sa posib, li bon pou nou bay yon ansyen ki se yon oratè ki gen eksperyans jwe wòl sa a. Responsablite konseye adjwen an se bay ansyen yo ak sèvitè ministeryèl yo konsèy an prive, lè sa nesesè, konsènan nenpòt patisipasyon yo fè, sa gen ladan l patisipasyon yo fè nan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a, diskou piblik, lè y ap kondui oswa lè y ap fè lekti nan Etid Toudegad la oswa nan Etid biblik kongregasyon an. (Gade  paragraph 19.) Si gen plizyè ansyen nan kongregasyon an ki se bon oratè e ki se bon anseyan, chak ane, yon ansyen diferan ki kalifye ka sèvi kòm konseye adjwen. Li pa nesesè pou konseye adjwen an bay ansyen yo ak sèvitè ministeryèl yo konsèy apre chak patisipasyon yo fin fè.

 LÒT KLAS

26. Selon kantite elèv ki genyen, kongregasyon yo ka fè lòt klas pou asiyasyon elèv yo. Chak lòt klas dwe gen yon frè kalifye k ap bay konsèy. Li t ap pi bon si se yon ansyen ki fè sa. Kote yo oblije sèvi ak yon sèvitè ministeryèl, yo ka bay yon sèvitè ministeryèl ki vrèman kalifye jwe wòl sa a. Se gwoup ansyen an ki dwe deside kiyès ki kapab jwe wòl sa a e k ap deside si yo dwe fè woulman ladan l. Frè k ap bay konsèy la dwe suiv metòd yo bay nan  paragraph 18 la. Si gen lòt klas, yo dwe mande elèv ki pral patisipe yo pou yo ale apre patisipasyon ki gen tit Trezò espirityèl ki nan pati Trezò ki nan Pawòl Bondye a. Elèv yo dwe retounen nan sal prensipal la apre patisipasyon dènye elèv la.

 VIDEYO

27. Gen yon seri videyo yo byen chwazi y ap pase nan reyinyon sa a. Videyo pou reyinyon lasemèn yo ap disponib nan aplikasyon JW Library®a, e y ap ka jwenn yo tou sou divès kalite aparèy.

© 2023 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania

S-38-CR 11/23